Bib Sen An
Travay 5
Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè. Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te 1mete l nan pye apòt yo.
Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa 2Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men 3a Bondye.”
Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon 4gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
Jennjan yo te leve li, 5vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.
Nan anviwon twazèdtan, madanm li, san konnen sa ki te rive a, te antre.
Pierre te di li: “Di m si ou te vann tè a pou 6yon pri konsa?” Li te di: “Wi, pou yon pri konsa”.
Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou 7tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”
Konsa 8li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li.
Yon 9gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
Pa men apòt yo, anpil sign ak mirak te fèt pami pèp la, e yo tout te an akò nan Galri Salomon an.
Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men 10pèp la te bay yo lwanj. Konsa, anpil 11kwayan nan non Senyè a, yon fòs kantite gason avèk fi t ap ajoute tout tan pami yo. Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou 12menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.
Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri.
Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di 13Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil. Yo te mete men sou apòt yo, e te 14mete yo nan yon prizon piblik.
Men 15yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di: “Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan 16tout pawòl lavi a.”
Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi.
Men lè17wo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini.
Men lè 18jandam yo te vini, yo te twouve ke yo pa t nan prizon an. Konsa yo te retounen pou te bay rapò a. Yo te di: “Nou te twouve prizon an byen fèmen e byen sere avèk gad yo ki te kanpe devan pòt la, men lè nou te louvri li, nou pa twouve pèsòn ladann.”
Lè wo prèt la avèk 19kaptenn kò gad tanp lan te tande sa, yo te vin enkyete pou kote pwoblèm sa a ta vin rive.
Men yon moun te vin di yo: “Gade, mesye sa yo ke nou te mete nan prizon an kanpe nan tanp lan e y ap enstwi pèp la.”
Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske 20yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch.
Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan 21konsèy la pou wo prèt la kesyone yo. Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou 22gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.
Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: 23“Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 24Bondye a zansèt nou yo 25te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 26Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon 27Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. Nou te 28temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”
Lè yo te tande sa, yo te 29byen blese, e te fè plan pou touye yo.
Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele 30Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman.
Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo, Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te 31yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.
“Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou 32resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.
“Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a 33sòti nan lòm, li va boulvèse. Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap 34goumen kont Bondye menm.”
Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te 35bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.
Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap 36rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri 37pou non Li. 38
Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.
Source notes (38)
- Cross-reference Trav 4:35,37
- Cross-reference Mat 4:10
- Cross-reference Trav 5:3,9
- Cross-reference Trav 2:43
- Cross-reference Jn 19:40
- Cross-reference Trav 5:2
- Cross-reference Trav 15:10
- Cross-reference Éz 11:13
- Cross-reference Trav 2:43
- Cross-reference Trav 2:47
- Cross-reference II Kwo 6:15
- Cross-reference Trav 19:12
- Cross-reference Mat 3:7
- Cross-reference Trav 4:3
- Cross-reference Mat 1:20,24
- Cross-reference Jn 6:63,68
- Cross-reference Trav 4:6
- Cross-reference Mat 26:58
- Cross-reference Trav 4:1
- Cross-reference Trav 4:21
- Cross-reference Mat 5:22
- Cross-reference Mat 23:35
- Cross-reference Trav 4:19
- Cross-reference Trav 3:13
- Cross-reference Trav 2:24
- Cross-reference Trav 2:33
- Cross-reference Luc 2:11
- Cross-reference Luc 24:48
- Cross-reference Trav 2:37
- Cross-reference Trav 22:3
- Cross-reference Trav 8:9
- Cross-reference Luc 2:2
- Cross-reference Mc 11:30
- Cross-reference Pwov 21:30
- Cross-reference Mat 10:17
- Cross-reference I Pi 4:14,16
- Cross-reference Jn 15:21
- Cross-reference Trav 2:46
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.