Bib Sen An
Travay 4
Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk 1Sadiseyen yo te rive kote yo. Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame 2nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo. Yo te mete men sou yo, e te 3mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa. Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e 4fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.
Nan landemen, 5chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem. 6Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo. Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”
Alò, Pierre 7ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, Si nou parèt devan tribinal jodi a pou 8benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke 9pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. ‘Se Li menm ki 10wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’
“Konsa, pa gen sali nan 11okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
Alò, lè yo te wè 12konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo 13te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo. Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.
Men lè yo fin mande yo 14kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm. Yo te di: “Alò 15kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke 16yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vre.
“Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun 17nan non sila a.” Yo te rele yo, e te 18kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: 19“Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. Paske 20nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e 21akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap 22bay Bondye glwa pou sa ki te rive a. Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.
Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te 23fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, ki 24pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di: 25
‘Poukisa nasyon yo anraje konsa;
e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven? 26
Wa sou latè yo ap pran pòz yo
e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a
ak kont Kris Li a.’
“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont 27sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak 28volonte Ou te deja planifye, pou fèt. E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo 29pale pawòl Ou avèk tout konfyans, pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon 30sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”
Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te 31ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te 32pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men 33tout bagay te pou tout moun. 34Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo 35te vann yo e pote benefis a vant lan bay, pou 36mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo 37te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
Joseph, yon Levit ki te ne an 38Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis 39Ankourajman an te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.
Source notes (39)
- Cross-reference Mc 12:18
- Cross-reference Trav 3:15
- Cross-reference Trav 5:18
- Cross-reference Trav 2:41
- Cross-reference Luc 23:13
- Cross-reference Luc 3:2
- Cross-reference Trav 2:4
- Cross-reference Trav 3:7
- Cross-reference Trav 2:22
- Cross-reference Sòm 118:22
- Cross-reference Mat 1:21
- Cross-reference Trav 4:31
- Cross-reference Jn 7:15
- Cross-reference Mat 5:22
- Cross-reference Jn 11:47
- Cross-reference Trav 3:7-10
- Cross-reference Jn 15:21
- Cross-reference Trav 5:28
- Cross-reference Trav 5:28
- Cross-reference I Kwo 9:16
- Cross-reference Trav 5:26
- Cross-reference Mat 9:8
- Cross-reference Egz 20:11
- Cross-reference Trav 1:16
- Cross-reference Sòm 2:1
- Cross-reference Sòm 2:2
- Cross-reference Trav 3:13
- Cross-reference Trav 2:23
- Cross-reference Fil 1:14
- Cross-reference Jn 4:48
- Cross-reference Trav 2:4
- Cross-reference Fil 1:14
- Cross-reference Trav 2:44
- Cross-reference Trav 1:8
- Cross-reference Mat 19:21
- Cross-reference Trav 4:37
- Cross-reference Trav 2:45
- Cross-reference Trav 13:4
- Cross-reference Trav 11:23
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.