Bib Sen An
Travay 3
Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè 1nevyèm è, lè lapriyè.
Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manman l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo 2te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo. Lè l te wè 3Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.
Pierre te 4fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!”
Konsa, li te kòmanse koute yo, annatandan pou yo bay li yon kichòy.
Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. 5Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!” Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.
Konsa 6li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye. 7
Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj. Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan 8nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.
Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan 9pòtay yo rele Salomon an.
Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?
“Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a 10sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.
“Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te 11mande yo livre bannou yon asasen, e te touye Prens Lavi a, sila menm ke 12Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te 13temwen.
“Konsa, sou baz 14lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.
“E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji 15nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi. Men bagay ke 16Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, 17ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.
“Donk 18repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan 19restorasyon tout bagay ke 20Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.
“Moïse te di: 21‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou. 22E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila 23va detwi nèt pami pèp la.’
“Epi menm jan an 24tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.
“Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: 25‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.
“ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”
Source notes (25)
- Cross-reference Sòm 55:17
- Cross-reference Luc 16:20
- Cross-reference Luc 22:8
- Cross-reference Trav 10:4
- Cross-reference Trav 2:22
- Cross-reference Trav 14:10
- Cross-reference Trav 4:16
- Cross-reference Jn 9:8
- Cross-reference Jn 10:23
- Cross-reference Trav 3:26
- Cross-reference Mat 27:20
- Cross-reference Trav 2:24
- Cross-reference Luc 24:48
- Cross-reference Trav 3:6
- Cross-reference Jn 15:21
- Cross-reference Trav 2:23
- Cross-reference Trav 17:3
- Cross-reference Trav 2:38
- Cross-reference Mat 17:11
- Cross-reference Luc 1:70
- Cross-reference Det 18:15,18
- Cross-reference Det 18:19
- Cross-reference Lev 23:29
- Cross-reference Luc 24:27
- Cross-reference Jen 22:18
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.