Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 6

Alò nan lè sa a pandan 1disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a 2Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.

Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon 3ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. Men nou menm nou va 4dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”

Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi 5Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche. Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin 6fè lapriyè, yo te 7poze men sou yo.

Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a 8lafwa a.

Epi Étienne, ranpli avèk gras ak pouvwa, te fè 9mèvèy ak mirak pami pèp la.

Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun 10Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne. Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.

Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.

Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te 11sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la. Yo te mete devan 12fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont 13lye sakre sila a, ak Lalwa. Paske nou konn tande li di ke 14Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”

Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Trav 11:26
  2. Cross-reference Trav 9:29
  3. Cross-reference Trav 2:4
  4. Cross-reference Trav 1:14
  5. Cross-reference Trav 6:8
  6. Cross-reference Trav 1:24
  7. Cross-reference Nonb 8:10
  8. Cross-reference Trav 13:8
  9. Cross-reference Jn 4:48
  10. Cross-reference Mat 27:32
  11. Cross-reference Luc 20:1
  12. Cross-reference Mat 26:59-61
  13. Cross-reference Mat 24:15
  14. Cross-reference Mat 26:61

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.