Bib Sen An
Travay 7
Wo prèt la te di: “Èske bagay sa yo se vre?”
Li te di: “Koute m 1frè m yo ak 2ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran. E Li te di li: 3“Kite peyi ou, ak fanmi ou, pou vini nan peyi ke Mwen menm va montre ou a”. 4
Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. 5Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a. Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon mòso tè, men menm lè li pa t gen pitit, 6Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.
Men 7Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane. “Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, 8epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”
Li 9te bay li akò sikonsizyon an, epi 10Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.
Patriyach yo 11te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li 12te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.
Alò 13yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje. Men 14lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a.
Nan dezyèm vizit la 15Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, e16fanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon. Alò 17Joseph te voye envite Jacob, papa li avèk tout fanmi li pou vin kote l. Te gen swasann-kenz moun antou.
Konsa, 18Jacob te desann an Égypte e li menm avèk zansèt nou yo te mouri la. Depi la kò yo te deplase retounen nan 19Sichem, pou te antere yo nan tonm nan ke Abraham te achte pou yon sòm lajan nan men fis a Hémor yo, an Sichem.
Men pandan 20tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche 21pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte, jiskaske 22Yon lòt wa te leve sou Égypte ki pa t konnen anyen de Joseph. Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab 23fè zanfan pa nou yo pa t kab viv.
Se te nan tan sila a ke 24Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li. Epi lè l te abandone, fi 25Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li. Moïse te enstwi nan tout 26konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak.
Men lè l t ap pwoche laj karant ane, 27sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo.
Konsa, lè l te wè youn nan yo byen maltrete, li te defann li, e te vanje pou sila ki te oprime a, e konsa, te touye Ejipsyen an. Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann. 28
“Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’
“Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: 29‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou? 30Èske ou gen entansyon touye m menm jan ke ou te touye Ejipsyen an ayè a?’
“Akoz pawòl sila a 31Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.
“Apre karant ane te pase, 32Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa. Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li: 33‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade. 34
“Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen. 35Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’
“Menm Moïse sila a ke yo te 36rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a. 37Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè 38mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a. Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: 39‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’
“Sa se li menm ki te nan 40asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa 41pawòl vivan yo pou pase bannou.
“Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te 42rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte. 43Konsa yo di a Aaron: ‘Fè pou nou dye yo ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a ki te mennen nou sòti an Égypte la, nou pa menm konnen kisa ki rive li.’ Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan 44zèv a pwòp men yo.
“Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo: 45
‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri
ofrann ak sakrifis
karant ane nan dezè a, O lakay Israël. 46
Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la,
ak zetwal a dye Remphan an;
imaj ke nou te fè pou adore yo.
Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’
“Zansèt nou yo te gen 47tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou 48fè, selon modèl ke li te wè a.
“Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te 49pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la. 50David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite. Men se te 51Salomon ki te bati yon kay pou Li.
“Poutan 52Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a: 53
‘Syèl la se twòn Mwen,
E tè a se ban pou pye Mwen.
Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’
‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen?
Se pa t men Mwen ki te fè tout bagay sa yo?’
“Nou menm, ki se moun 54kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo. 55Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke 56Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine. Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon 57òdonans pa zanj yo, te vyole li.”
Alò, lè yo te tande sa, yo te 58blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.
Men 59ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki te kanpe bò men dwat Bondye. Li te di: “Gade byen, Mwen wè 60syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, e lè yo te fin pouse li 61deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te 62depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.
Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te 63rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. Konsa, 64li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
Source notes (64)
- Cross-reference Jn 8:42
- Cross-reference Jen 11:31
- Cross-reference Jen 12:1
- Cross-reference Jen 11:31
- Cross-reference Jen 12:4,5
- Cross-reference Jen 12:7
- Cross-reference Jen 13:15
- Cross-reference Egz 3:12
- Cross-reference Jen 17:10
- Cross-reference Jen 21:2-4
- Cross-reference Jen 37:11,28
- Cross-reference Jen 39:21
- Cross-reference Jen 41:54
- Cross-reference Jen 42:2
- Cross-reference Jen 45:1-4
- Cross-reference Jen 45:16
- Cross-reference Jen 45:9,10,17,18
- Cross-reference Jen 46:1-7
- Cross-reference Jen 23:16
- Cross-reference Jen 15:13
- Cross-reference Egz 1:7
- Cross-reference Egz 1:8
- Cross-reference Egz 1:22
- Cross-reference Egz 2:2
- Cross-reference Egz 2:5
- Cross-reference I Wa 4:30
- Cross-reference Egz 2:1
- Cross-reference Egz 2:1
- Cross-reference Egz 2:14
- Cross-reference Egz 2:14
- Cross-reference Egz 2:15,22
- Cross-reference Egz 3:1
- Cross-reference Egz 3:6
- Cross-reference Egz 3:5
- Cross-reference Egz 3:7
- Cross-reference Egz 2:14
- Cross-reference Egz 12:41
- Cross-reference Egz 7:3
- Cross-reference Det 18:15,18
- Cross-reference Egz 19:17
- Cross-reference Det 32:47
- Cross-reference Nonb 14:3
- Cross-reference Egz 32:1,23
- Cross-reference Rev 19:20
- Cross-reference Am 5:25
- Cross-reference Am 5:26,27
- Cross-reference Egz 25:8-9
- Cross-reference Egz 25:40
- Cross-reference Det 32:49
- Cross-reference II Sam 7:8
- Cross-reference I Wa 6:1-38
- Cross-reference Luc 1:32
- Cross-reference És 66:2
- Cross-reference Egz 32:9
- Cross-reference II Kwo 36:1
- Cross-reference Trav 3:14
- Cross-reference Det 33:2
- Cross-reference Trav 5:33
- Cross-reference Trav 2:4
- Cross-reference Jn 1:51
- Cross-reference Lev 24:14-16
- Cross-reference Trav 22:20
- Cross-reference Trav 9:21
- Cross-reference Luc 22:41
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.