Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 8

Saul te fin dakò nèt ak lanmò li.

Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo. Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.

Men 1Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.

Konsa 2sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la. 3

Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.

Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te 4paralize e bwate te geri. Donk, te gen 5anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.

Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike 6maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.

Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: 7“Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.” Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk 8metye maji sila a.

Men lè yo te kwè Philippe ki t ap 9preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil 10sign ak 11mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.

Alò, lè 12apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye 13Pierre avèk Jean bay yo. Lè yo te vin desann, yo te priye 14pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. Paske Li 15potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. Alò, yo te 16mete men sou yo, epi yo te 17resevwa Lespri Sen an.

Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”

Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab 18vin genyen don Bondye a avèk lajan. Ou pa gen 19ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, 20si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e 21mare nan inikite.”

Men Simon te reponn e te di: 22“Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”

Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale 23pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te 24preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.

Men 25yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)

Konsa, li te leve ale, epi konsa, 26te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e 27te la nan Jérusalem pou adore Bondye. Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.

Alò 28Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.

Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”

Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.

Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a: 29

“Li te mennen kon yon mouton nan labatwa.

Kon yon jenn mouton an silans

devan sa k ap taye lenn sou do l,

li pa t louvri bouch li. 30

Nan imilyasyon, jistis li te rachte.

Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la?

Paske vi Li retire sou tè a.”

Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”

Alò, Philippe te louvri bouch li e te 31kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.

Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, lenik lan te di: 32“Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.

Lè yo te sòti nan dlo a, 33Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.

Men Philippe te twouve li menm nan 34Azot. Pandan li t ap travèse, li te 35kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.

Source notes (35)
  1. Cross-reference Trav 9:1,13,21
  2. Cross-reference Trav 8:1
  3. Cross-reference Trav 6
  4. Cross-reference Mat 4:24
  5. Cross-reference Jn 4:40-42
  6. Cross-reference Trav 8:11
  7. Cross-reference Trav 14:11
  8. Cross-reference Trav 8:9
  9. Cross-reference Trav 1:3
  10. Cross-reference Trav 8:6
  11. Cross-reference Trav 19:11
  12. Cross-reference Trav 8:1
  13. Cross-reference Luc 22:8
  14. Cross-reference Trav 2:38
  15. Cross-reference Mat 28:19
  16. Cross-reference Trav 6:6
  17. Cross-reference Trav 2:4
  18. Cross-reference II Wa 5:16
  19. Cross-reference Det 10:9
  20. Cross-reference És 55:7
  21. Cross-reference És 58:6
  22. Cross-reference Jen 20:7
  23. Cross-reference Trav 13:12
  24. Cross-reference Trav 8:40
  25. Cross-reference Trav 5:19
  26. Cross-reference Sòm 68:31
  27. Cross-reference I Wa 8:41
  28. Cross-reference Trav 8:39
  29. Cross-reference És 53:7
  30. Cross-reference És 53:8
  31. Cross-reference Luc 24:27
  32. Cross-reference Trav 10:47
  33. Cross-reference I Wa 18:12
  34. Cross-reference Jos 11:22
  35. Cross-reference Trav 8:25

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.