Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 9

1

Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la. Li te mande li bay li 2lèt a sinagòg Damas yo pou si li te twouve nenpòt moun ki nan Chemen an, fanm kou gason, li ta kapab mennen yo mare a Jérusalem.

Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi 3sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li. 4Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”

Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?”

Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. Men leve, antre nan vil la, e 5ou va tande kisa ou dwe fè.”

Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo 6te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn.

Saul te leve atè a, e 7malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas. Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.

Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele 8Ananias. Senyè a te di l 9nan yon vizyon: “Ananias!”

Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”

Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye 10Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye. Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou 11poze men l sou li, pou l wè ankò.”

Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; 12kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem. Isit la menm, li 13gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki 14rele Non Ou yo.”

Men Senyè a te di li: “Ale paske 15li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo. Paske 16Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”

Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin 17poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”

Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize. Li te pran manje e te reprann fòs li.

Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo. Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus 18nan sinagòg yo e t ap di: “Li se 19Fis Bondye a”.

Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te 20detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”

Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.

Lè 21anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li, men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò.

Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen.

Konsa, 22lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.

Men 23Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.

Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem. Li t ap 24pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk 25Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò. Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann 26Césarée, e 27te voye li ale Tarse.

Donk 28legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.

Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote 29fidèl ki te rete nan Lydde yo. La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.

Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.

Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire 30vè Senyè a.

Alò, nan 31Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan. Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè. Lydde te toupre Joppé, e 32disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!

Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan 33chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.

Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: 34“Tabitha, leve.”

Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.

Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout 35fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.

Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, e36anpil moun te kwè nan Senyè a.

Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon 37bòs tanè ke yo rele Simon.

Source notes (37)
  1. Cross-reference Trav 9:1-22
  2. Cross-reference Trav 9:14,21
  3. Cross-reference I Kwo 15:8
  4. Cross-reference Trav 22:7
  5. Cross-reference Trav 9:16
  6. Cross-reference Jn 12:29
  7. Cross-reference Trav 9:18
  8. Cross-reference Trav 22:12
  9. Cross-reference Trav 10:3,17,19
  10. Cross-reference Trav 9:30
  11. Cross-reference Mc 5:23
  12. Cross-reference Trav 8:3
  13. Cross-reference Trav 9:2,21
  14. Cross-reference Trav 7:59
  15. Cross-reference Trav 13:2
  16. Cross-reference Trav 20:23
  17. Cross-reference Trav 2:4
  18. Cross-reference Trav 13:5
  19. Cross-reference Trav 13:33
  20. Cross-reference Trav 8:3
  21. Cross-reference Gal 1:17,18
  22. Cross-reference Trav 22:17-20
  23. Cross-reference Trav 4:36
  24. Cross-reference Trav 4:13,29
  25. Cross-reference Trav 6:1
  26. Cross-reference Trav 8:40
  27. Cross-reference Gal 1:21
  28. Cross-reference Trav 5:11
  29. Cross-reference Trav 9:13
  30. Cross-reference Trav 2:47
  31. Cross-reference Jos 19:46
  32. Cross-reference Trav 11:26
  33. Cross-reference Trav 1:13
  34. Cross-reference Mc 5:41
  35. Cross-reference Trav 9:13,32
  36. Cross-reference Trav 9:35
  37. Cross-reference Trav 10:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.