Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 10

Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan 1kowòt Italyen an. Li te yon mesye fidèl 2ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te 3bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.

Anviwon 4nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè 5nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”

Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?”

Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou 6kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye. Koulye a, voye kèk moun 7Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre. Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele 8Simon ki rete bò lanmè a.”

Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan. Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo 9Joppé.

Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la 10Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye. Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te 11tonbe nan yon rèv. Konsa, li te wè 12syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”

Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske 13Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”

Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: 14“Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”

Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.

Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè a te siyifi. Epi konsa 15mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la. Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.

Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an 16Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou. Alò, leve desann eskalye a pou 17akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”

Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?”

Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e 18ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande 19yon mesaj de ou menm.”

Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman.

Nan jou swivan an, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.

Nan yon jou pita, li te antre 20Césarée.

Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo. Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou 21adore li.

Men Pierre te leve l e te di: 22“Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.”

Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve 23anpil moun deja reyini. Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men 24Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp. Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?”

Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala 25yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye. Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye. Pou sa, voye 26Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’ Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.” 27

Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke 28Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, men nan tout nasyon yo, sila a ki 29gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm. Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche 30lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se 31Senyè a tout moun.

“Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a; sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li 32te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.

“Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te 33mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 34Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 35pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm 36Jij a vivan e a mò yo.

“A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon 37non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”

Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, 38Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la. 39

Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske 40don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. Paske yo te tande yo 41pale an lang, e egzalte Bondye.

Alò, Pierre te reponn: 42“Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila 43ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” Epi li te kòmande yo pou batize 44nan non Jésus Kri.

Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.

Source notes (44)
  1. Cross-reference Trav 8:40
  2. Cross-reference Trav 10:22,35
  3. Cross-reference Luc 7:4
  4. Cross-reference Trav 3:1
  5. Cross-reference Trav 9:10
  6. Cross-reference Eb 6:10
  7. Cross-reference Trav 9:36
  8. Cross-reference Trav 9:43
  9. Cross-reference Trav 9:36
  10. Cross-reference Trav 10:9-32
  11. Cross-reference Trav 11:5
  12. Cross-reference Jn 1:51
  13. Cross-reference Lev 11:20-25
  14. Cross-reference Mat 15:11
  15. Cross-reference Trav 10:8
  16. Cross-reference Trav 8:29
  17. Cross-reference Trav 15:7-9
  18. Cross-reference Trav 10:2
  19. Cross-reference Trav 11:14
  20. Cross-reference Trav 8:40
  21. Cross-reference Mat 8:2
  22. Cross-reference Trav 14:15
  23. Cross-reference Trav 10:24
  24. Cross-reference Trav 10:14,35
  25. Cross-reference Trav 10:3-6,30-32
  26. Cross-reference Jn 4:9
  27. Cross-reference Mat 5:2
  28. Cross-reference Det 10:17
  29. Cross-reference Trav 10:2
  30. Cross-reference Ef 2:17
  31. Cross-reference Wo 10:12
  32. Cross-reference Mat 4:23
  33. Cross-reference Trav 5:30
  34. Cross-reference Trav 2:24
  35. Cross-reference Jn 14:19,22
  36. Cross-reference Jn 5:22,27
  37. Cross-reference Luc 24:47
  38. Cross-reference Trav 11:15
  39. Cross-reference Trav 10:23
  40. Cross-reference Trav 2:33,38
  41. Cross-reference Trav 2:4
  42. Cross-reference Trav 8:36
  43. Cross-reference Trav 2:4
  44. Cross-reference Trav 2:38

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.