Bib Sen An
Travay 11
Alò, apòt yo ak 1frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a. Men lè Pierre te vin monte Jérusalem, 2sila ki te sikonsi yo te vin pa dakò avèk li. Yo t ap di: 3“Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.”
Konsa, Pierre te kòmanse eksplike yo istwa a 4nan lòd ke tout bagay te rive yo. Li te di: 5“Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen. Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo. Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: ‘Leve Pierre; touye e manje.’
“Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’
“Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: 6‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’ Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la.
“Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a.
“Lespri a te di m ale avèk yo 7san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.
“Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la. Li va pale nou 8pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk 9tout lakay nou.’
“Epi lè mwen te kòmanse pale 10Lespri Sen an te vin tonbe sou yo 11menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: 12‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’
“Donk, si 13Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”
Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, 14repantans ki mennen a lavi a.” 15
Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.
Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap 16preche Senyè Jésus a. 17
Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.
Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye 18Barnabas Antioche.
Konsa, lè l rive, e te wè 19gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a. Paske li te yon bon moun. Li te 20ranpli ak Lespri Sen an, ak lafwa. Konsa, anpil moun te adisyone a Senyè a.
Barnabas te kite 21Tarse pou ale jwenn Saul. Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun.
Disip yo te premyèman rele 22“Kretyen” la a, nan Antioche.
Alò nan tan sa a, 23kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.
Youn nan yo ke yo te rele 24Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.
Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a 25frè yo nan Judée. 26Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.
Source notes (26)
- Cross-reference Trav 1:15
- Cross-reference Trav 10:45
- Cross-reference Mat 9:11
- Cross-reference Luc 1:3
- Cross-reference Trav 10:9-32
- Cross-reference Trav 10:15
- Cross-reference Trav 15:9
- Cross-reference Trav 10:22
- Cross-reference Jn 4:53
- Cross-reference Trav 10:44
- Cross-reference Trav 2:4
- Cross-reference Trav 1:5
- Cross-reference Trav 10:45,47
- Cross-reference II Kwo 7:10
- Cross-reference Trav 8:1,4
- Cross-reference Trav 5:42
- Cross-reference Luc 1:66
- Cross-reference Trav 4:36
- Cross-reference Trav 13:43
- Cross-reference Trav 2:4
- Cross-reference Trav 9:11
- Cross-reference Trav 26:28
- Cross-reference Luc 11:49
- Cross-reference Trav 21:10
- Cross-reference Trav 11:1
- Cross-reference Trav 12:25
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.