Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 12

Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo. Li 1te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.

Lè l te wè ke sa te 2fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo. Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon 3apre Pak la, pou mennen l devan pèp la.

Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.

Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te 4byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.

Epi vwala 5yon zanj Senyè a 6te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”

Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.

Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”

Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te 7yon vizyon ke li t ap fè. Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te 8ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.

Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke 9Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”

Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a 10Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye. Lè l te frape nan pòtay la, yon sèvant kay la ki te rele Rhode te vin reponn. Lè l te rekonèt vwa Pierre a 11akoz kè kontan li, li pa t ouvri pòt la, men te kouri anndan, e te anonse ke Pierre te kanpe devan pòtay la.

Yo te di li: “Ou fin pèdi tèt ou!” Men li te kontinye ensiste ke se te konsa. Yo t ap di: “Se 12zanj li”.

Men Pierre te kontinye frape sou pòtay la. Lè yo te louvri pòt la, yo te wè li. Yo te etone. Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “ 13 Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.

Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a.

Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou 14 yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.

Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke 15peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.

Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.

Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!” Imedyatman 16yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.

Men 17pawòl Senyè a te kontinye grandi e te vin miltipliye.

Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem 18lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc.

Source notes (18)
  1. Cross-reference Mat 4:21
  2. Cross-reference Trav 24:27
  3. Cross-reference Egz 12:1-27
  4. Cross-reference Trav 21:33
  5. Cross-reference Trav 5:19
  6. Cross-reference Luc 2:9
  7. Cross-reference Trav 9:10
  8. Cross-reference Trav 5:19
  9. Cross-reference Dan 3:28
  10. Cross-reference Trav 12:25
  11. Cross-reference Luc 24:41
  12. Cross-reference Mat 18:10
  13. Cross-reference Mc 6:3
  14. Cross-reference Trav 16:27
  15. Cross-reference I Wa 5:11
  16. Cross-reference II Sam 24:16
  17. Cross-reference Trav 6:7
  18. Cross-reference Trav 12:12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.