Bib Sen An
Travay 13
Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak 1mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou 2travay ke mwen rele yo a.”
Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te 3poze men sou yo e te voye yo ale. 4
Konsa, ranvwaye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis 5Jean te la pou ede yo.
Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten 6majisyen Jwif, yon 7fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus ki te avèk 8pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont 9lafwa a. Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, 10ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm 11fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? Koulye a, gade byen 12men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”
Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de 13doktrin Senyè a.
Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. 14Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.
Men kontinye soti Perge yo te rive 15Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita. Aprè Lalwa ak 16Pwofèt yo 17te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”
Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki 18krent Bondye, koute: Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te 19fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve 20Li te mennen yo sòti ladann. 21Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.
“Lè L te fin detwi 22sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te 23divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane. Apre bagay sa yo, Li te 24bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la.
“Yo te 25mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo 26Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane.
“Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: 27‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.
“Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël 28yon Sovè, Jésus.
“Avan Li te vini 29Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la. Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, 30li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.
“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj 31sali sila a voye. Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvènè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li. Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te 32mande Pilate pou li ta fè l mouri. Epi lè yo te 33fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te 34retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.
“Men Bondye te leve Li soti nan lanmò. Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, 35 te wè li, menm sila yo ki koulye a se 36temwen Li a pèp la.
“Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a 37pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan: 38
‘Ou se Fis Mwen;
jodi a Mwen fè Ou.’
“Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: 39‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’
“Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke 40‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’
“Paske David, apre li te sèvi 41plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon. Men Sila ke Bondye te 42fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.
“Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke 43atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. Selon Li menm, 44tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
“Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale 45nan pwofèt yo pa vini sou nou: 46
‘Gade byen mokè yo;
Vin etone, e peri!
Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo,
yon zèv ke nou p ap janm kwè,
menmsi yon moun ta eksplike nou li.’”
Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen 47Saba a. Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak 48pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan 49gras Bondye a.
Nan 50pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.
Men lè 51Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm 52avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen 53n ap vire bò kote pèp etranje yo. Paske konsa Senyè a te kòmande nou: 54
‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo,
pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’”
Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki 55te nome pou lavi etènèl yo te kwè. 56Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.
Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou 57fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò tèritwa yo.
Men 58yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.
Epi disip yo te kontinye 59ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.
Source notes (59)
- Cross-reference Wo 12:6
- Cross-reference Trav 9:15
- Cross-reference Trav 6:6
- Cross-reference Trav 4:36
- Cross-reference Trav 12:12
- Cross-reference Trav 8:9
- Cross-reference Mat 7:15
- Cross-reference Trav 13:8,12
- Cross-reference Trav 6:7
- Cross-reference Trav 2:4
- Cross-reference Mat 13:38
- Cross-reference Egz 9:3
- Cross-reference Trav 8:25
- Cross-reference Trav 12:12
- Cross-reference Trav 14:19,21
- Cross-reference Trav 13:27
- Cross-reference Trav 15:21
- Cross-reference Trav 10:2
- Cross-reference Egz 1:7
- Cross-reference Egz 12:51
- Cross-reference Nonb 14:34
- Cross-reference Det 7:1
- Cross-reference Jos 14:1
- Cross-reference Jij 2:16
- Cross-reference I Sam 8:5
- Cross-reference I Sam 9:1
- Cross-reference I Sam 13:14
- Cross-reference Luc 2:11
- Cross-reference Mc 1:1-4
- Cross-reference Mat 3:11
- Cross-reference Jn 6:68
- Cross-reference Mat 27:22,23
- Cross-reference Trav 26:22
- Cross-reference Luc 23:53
- Cross-reference Trav 1:3
- Cross-reference Luc 24:48
- Cross-reference Wo 4:13
- Cross-reference Sòm 2:7
- Cross-reference És 55:3
- Cross-reference Sòm 16:10
- Cross-reference Trav 13:22
- Cross-reference Trav 2:24
- Cross-reference Luc 24:47
- Cross-reference Trav 10:43
- Cross-reference Luc 24:44
- Cross-reference Hab 1:5
- Cross-reference Trav 13:14
- Cross-reference Trav 17:4
- Cross-reference Trav 11:23
- Cross-reference Trav 13:14
- Cross-reference Trav 13:50
- Cross-reference Trav 3:26
- Cross-reference Trav 18:6
- Cross-reference És 42:6
- Cross-reference Wo 8:28
- Cross-reference Trav 13:12
- Cross-reference Trav 16:14
- Cross-reference Mat 10:14
- Cross-reference Trav 2:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.