Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 14

Nan Icone 1yo te antre nan sinagòg a Jwif yo ansanm, e yo te pale nan yon jan 2ki te fè yon gran foul, ni Jwif, ni Grèk kwè.

Men Jwif ki 3pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.

Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e 4t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo. 5

Men moun vil yo te divize. Kèk te pran pati a 6Jwif yo, e kèk vè apòt yo.

Lè Jwif yo avèk ofisye yo ansanm ak pèp etranje yo te tante maltrete yo, e te fè plan 7lapide yo, yo te vin okouran de sa a, e te sove ale nan vil Lycaonie, Lystre, ak 8Derbe yo, ak tout rejyon ozanviwon an. Epi la Yo te kontinye 9preche bòn nouvèl la.

Nan Lystre te chita yon 10sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache. Mesye sa a t ap koute Paul pandan li t ap pale. Lè Paul te fikse zye l sou li, e te wè ke li te gen 11lafwa pou l ta geri, li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” 12Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache.

Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an 13“Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.” Konsa, yo te rele Barnabas Jupiter, e Paul Mercure, akoz ke se te li menm ki te chèf pou pale.

Alò, prèt Jupiter a, ki te gen tanp li fenk deyò vil la, te mennen towo bèf avèk kolye flè yo devan pòtay yo pou l 14te ofri sakrifis yo ansanm avèk foul la.

Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te 15chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele “Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an 16ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann. Nan jenerasyon ki pase yo, Li te 17pèmèt tout nasyon yo fè pwòp chemen yo. Men malgre sa 18Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”

Malgre tout pawòl sa yo, se te avèk difikilte ke yo te anpeche foul la fè sakrifis a yo menm.

Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo 19te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.

Men pandan 20disip yo te kanpe antoure li, li te leve, e te antre nan vil la.

Nan pwochen jou a, li te sòti avèk Barnabas pou rive Derbe. Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e 21te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche. La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan 22lafwa, e te di: 23“Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.” 24Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, 25priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.

Konsa, yo te travèse 26Pisidie, pou rive 27Pamphylie. Lè yo te fin pale pawòl la nan Perge, yo te desann Attalie.

Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te 28premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a. Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te kòmanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri 29pòt lafwa a pèp etranje yo. La yo te pase anpil tan avèk 30disip yo.

Source notes (30)
  1. Cross-reference Trav 13:5
  2. Cross-reference Trav 2:47
  3. Cross-reference Jn 3:36
  4. Cross-reference Trav 4:29
  5. Cross-reference Trav 17:4
  6. Cross-reference Trav 13:45,50
  7. Cross-reference Trav 14:19
  8. Cross-reference Trav 14:20
  9. Cross-reference Trav 14:15,21
  10. Cross-reference Trav 3:2
  11. Cross-reference Mat 9:28
  12. Cross-reference Trav 3:8
  13. Cross-reference Trav 28:6
  14. Cross-reference Dan 2:46
  15. Cross-reference Nonb 14:6
  16. Cross-reference Egz 20:11
  17. Cross-reference Trav 17:30
  18. Cross-reference Trav 17:26
  19. Cross-reference Trav 14:5
  20. Cross-reference Trav 11:26
  21. Cross-reference Trav 2:47
  22. Cross-reference Trav 6:7
  23. Cross-reference Jn 16:33
  24. Cross-reference Tit 1:5
  25. Cross-reference Trav 13:3
  26. Cross-reference Trav 13:14
  27. Cross-reference Trav 13:13
  28. Cross-reference Trav 11:23
  29. Cross-reference I Kwo 16:9
  30. Cross-reference Trav 11:26

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.