Bib Sen An
Travay 15
Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”
Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak 2deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a. Konsa 3voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.
Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon 4rapò konplè de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.
Men 5kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou 6sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.” 7
Apòt ak ansyen yo te vin reyini ansanm pou egzamine afè sila a.
Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl 8levanjil la, e vin kwè. Bondye 9ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te 10bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an. 11Li pa t fè distenksyon antre nou ak yo, e te netwaye kè yo pa lafwa.
“Alò konsa, poukisa nou 12mete Bondye a leprèv la a lè nou plase sou kou a disip yo yon jouk ke ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t kapab pote? Men nou kwè ke nou sove pa 13lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”
Tout foul la te rete an silans. Yo t ap koute Barnabas ak Paul lè yo t ap 14eksplike ki sign ak mirak Bondye te fè atravè yo menm pami pèp etranje yo.
Apre yo te fin pale 15Jacques te reponn e te di: “Frè yo, koute mwen. 16Simon eksplike nou jan Bondye te premyèman pran pami pèp etranje yo, yon pèp pou non Li. Epi avèk sa a, pawòl a 17pwofèt yo dakò, jis jan sa ekri a: 18
‘Apre bagay sa yo Mwen va retounen.
Mwen va rebati tabènak David ki te tonbe a.
Mwen va rebati ranblè li yo,
e Mwen va restore li
pou 19tout rès limanite a kapab chache Bondye,
ak tout pèp etranje yo ki rele pa non Mwen,’
di Senyè a ki 20fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.
“Konsa, se 21jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak 22imoralite seksyèl, ak 23vyann sa ki toufe, ak san. Paske 24Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li konn li nan sinagòg yo chak Saba.”
Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak 25Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo. Yo te voye lèt sa a avèk yo:
“26Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.
“Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap 27twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou, 28li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul. Se mesye yo ki 29riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri.
“Konsa, nou voye 30Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo.
“Paske li te parèt bon 31pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: pou nou evite 32bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”
Donk, lè yo te voye yo ale, yo te 33desann Antioche. Yo te rasanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la. Lè yo te li li, yo te rejwi yo akoz ankourajman li te bay. Jude ak Silas, ki te 34pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.
Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo. Men li te sanble bon pou Silas pou l te rete la.
Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou 35preche e enstwi pawòl Senyè a.
Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite 36chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”
Barnabas te vle pran 37Jean Marc pou ale avèk yo tou.
Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te 38abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.
Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou 39Chypre.
Men Paul te chwazi 40Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a. Li te vwayaje travèse 41Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.
Source notes (41)
- Cross-reference Trav 15:24
- Cross-reference Trav 15:7
- Cross-reference Trav 20:38
- Cross-reference Trav 14:27
- Cross-reference Trav 26:5
- Cross-reference I Kwo 7:18
- Cross-reference Trav 11:30
- Cross-reference Trav 20:24
- Cross-reference Trav 1:24
- Cross-reference Trav 2:4
- Cross-reference Trav 10:28,34
- Cross-reference Trav 5:9
- Cross-reference Wo 3:24
- Cross-reference Trav 14:27
- Cross-reference Trav 12:17
- Cross-reference Trav 15:7
- Cross-reference Trav 13:40
- Cross-reference Am 9:11
- Cross-reference Am 9:12
- Cross-reference És 45:21
- Cross-reference Trav 15:28
- Cross-reference Lev 18:6-23
- Cross-reference Lev 17:14
- Cross-reference Trav 13:15
- Cross-reference Trav 15:27,32,40
- Cross-reference Trav 15:2
- Cross-reference Gal 1:7
- Cross-reference Trav 15:28
- Cross-reference Trav 9:23
- Cross-reference Trav 15:22,32
- Cross-reference Trav 5:32
- Cross-reference Trav 15:20
- Cross-reference Trav 15:22
- Cross-reference Trav 13:1
- Cross-reference Trav 8:4
- Cross-reference Trav 13:4,13,14,51
- Cross-reference Trav 12:12
- Cross-reference Trav 13:13
- Cross-reference Trav 4:36
- Cross-reference Trav 15:22
- Cross-reference Mat 4:24
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.