Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 5

Anverite gen rapò ki gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen 1madanm a papa li.

Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a 2pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.

Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen 3absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan. Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri 4avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,

nou gen pou 5livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove 6nan jou Senyè a Jésus. 7

Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke 8yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?

Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, 9Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.

Konsa, annou selebre fèt la 10pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.

Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou 11pa asosye nou avèk moun imoral yo;

Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun 12idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.

Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele 13“frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.

Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? 14Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?

Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. 15Retire sila ki malveyan an pami nou menm.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Lev 18:8
  2. Cross-reference I Kor 5:13
  3. Cross-reference Kol 2:5
  4. Cross-reference Jn 20:23
  5. Cross-reference Luc 22:31
  6. Cross-reference I Kor 1:8
  7. Cross-reference Jc 4:16
  8. Cross-reference Mat 16:6,12
  9. Cross-reference Mc 14:12
  10. Cross-reference Egz 12:19
  11. Cross-reference II Kor 6:14
  12. Cross-reference I Kor 10:27
  13. Cross-reference Trav 1:15
  14. Cross-reference I Kwo 5:3-5
  15. Cross-reference Det 13:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.