Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 6

Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo 1olye devan sen yo? Oubyen èske nou pa konnen ke 2se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? 3Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a? Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo? 4Mwen di nou sa pou wont nou. Si se konsa, ke pa gen yon moun saj pami nou ki kapab deside antre frè li yo? Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan 5enkwayan yo. Alò konsa, sa se deja yon defèt pou nou, pou n ap fè pwosè avèk youn lòt. 6Poukisa nou pa pito soufri lenjistis? Poukisa nou pa pito aksepte sibi fwod? Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont 7frè nou yo.

Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap 8eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap 9eritye wayòm Bondye a. Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te 10jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an. 11

Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen. Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men 12pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a. Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men 13va osi leve nou selon pouvwa Li. Èske nou pa konnen ke 14kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: 15“Yo de a va devni yon sèl chè”. Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin 16youn nan lespri avèk Li. 17Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. Oubyen èske nou pa konnen ke 18kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

Source notes (18)
  1. Cross-reference Mat 18:17
  2. Cross-reference Dan 7:18,22,27
  3. Cross-reference Wo 6:16
  4. Cross-reference I Kor 4:14
  5. Cross-reference II Kor 6:14
  6. Cross-reference Mat 5:39
  7. Cross-reference I Tes 4:6
  8. Cross-reference Trav 20:32
  9. Cross-reference Trav 20:32
  10. Cross-reference Wo 8:30
  11. Cross-reference I Kor 10:23
  12. Cross-reference I Kor 6:15,19
  13. Cross-reference Jn 6:39
  14. Cross-reference Wo 12:5
  15. Cross-reference Jen 2:24
  16. Cross-reference Jn 17:21-23
  17. Cross-reference I Kor 6:9
  18. Cross-reference Jn 2:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.