Bib Sen An
I Korentyen Yo 4
Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e 1jeran a mistè ki pou Kris yo.
Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl. Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen. Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a. Pou sa 2pa kontinye jije avan lè, men tann 3jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa 4vin ògeye anvè youn e kont yon lòt. Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? 5Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.
Nou 6deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou. Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki 7kondane a lanmò, paske nou te 8gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun. Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men 9ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè. Jiska moman sa a 10nou grangou ak swaf, mal abiye, maltrete, e san kote pou nou rete. Konsa, nou redi di nan 11travay avèk pwòp men nou. 12Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa. Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni 13tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.
Mwen pa ekri bagay sa yo pou 14fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen. Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen 15te devni papa nou akoz bòn nouvèl la. Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin 16imitatè a mwen menm. Se pou rezon sa a, mwen 17voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo. Alò, kèk nan nou vin 18awogan, kòmsi mwen pa t ap vin kote nou. Men mwen 19va vini kote nou byento 20si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo. Paske wayòm Bondye a 21pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans. Kisa nou dezire? 22Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?
Source notes (22)
- Cross-reference Tit 1:7
- Cross-reference Wo 2:1
- Cross-reference Wo 2:16
- Cross-reference I Kor 1:12
- Cross-reference Jn 3:27
- Cross-reference Rev 3:17
- Cross-reference Wo 8:36
- Cross-reference Eb 10:33
- Cross-reference I Kor 3:18
- Cross-reference Wo 8:35
- Cross-reference Trav 18:3
- Cross-reference I Pi 3:13
- Cross-reference Lam 3:34
- Cross-reference I Kor 6:5
- Cross-reference Nonb 11:12
- Cross-reference I Kor 11:1
- Cross-reference I Kor 16:10
- Cross-reference I Kor 4:6
- Cross-reference Trav 20:2
- Cross-reference Trav 18:21
- Cross-reference I Kor 2:4
- Cross-reference II Kor 1:23
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.