Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 3

Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki 1plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo. Mwen te bannou 2lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab, pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz 3gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl? Paske lè 4youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?

Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm 5jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak. Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi. Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men 6Bondye ki fè l grandi a. Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va 7resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li. Paske nou se 8ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.

Selon 9gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a. Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt 10fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri. Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay, 11zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun. Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va 12resevwa yon rekonpans. Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove 13kòmsi, se pa dife.

Èske nou pa konnen ke 14nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou? Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.

Pa kite pèsòn twonpe tèt li 15si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.

Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: 16“Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.” Epi ankò: 17“Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.” Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske 18tout bagay se pou nou menm, 19sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o 20lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen a nou menm. Epi 21nou apatyen a Kris; e 22Kris apatyen a Bondye.

Source notes (22)
  1. Cross-reference I Kor 2:6
  2. Cross-reference Eb 5:12
  3. Cross-reference Wo 13:13
  4. Cross-reference I Kor 1:12
  5. Cross-reference Wo 12:6
  6. Cross-reference I Kwo 15:10
  7. Cross-reference I Kor 3:14
  8. Cross-reference Mc 16:20
  9. Cross-reference Wo 12:3
  10. Cross-reference És 28:16
  11. Cross-reference I Kwo 4:5
  12. Cross-reference I Kor 3:8
  13. Cross-reference Job 23:10
  14. Cross-reference Wo 8:9
  15. Cross-reference I Kor 8:2
  16. Cross-reference Job 5:13
  17. Cross-reference Sòm 94:11
  18. Cross-reference Wo 8:32
  19. Cross-reference I Kor 1:12
  20. Cross-reference Wo 8:38
  21. Cross-reference II Kwo 10:7
  22. Cross-reference I Kwo 11:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.