Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 2

Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen 1pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a. Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof 2Jésus Kri, e Sila krisifye a. Mwen te avèk nou nan 3feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen 4pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.5

Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tan6fin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase. Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te 7planifye menm avan tan yo pou laglwa nou; sajès 8ke okenn nan chèf a 9tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a. Men jan sa ekri a: 10

“Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,

ki pa janm antre nan kè a lòm;

tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”

Paske a nou menm Bondye te revele yo 11pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan 12pwofondè Bondye a. Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte 13lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. Alò, nou 14pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. Sou bagay sa yo nou pa pale 15 ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. Men yon nonm nan eta natirèl li, 16pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske 17se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. Men sila ki 18reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun. “Paske 19kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.

Source notes (19)
  1. Cross-reference I Kor 1:17
  2. Cross-reference I Kor 1:23
  3. Cross-reference I Kor 4:10
  4. Cross-reference I Kor 1:17
  5. Cross-reference II Kor 4:7
  6. Cross-reference Ef 4:13
  7. Cross-reference Wo 8:29
  8. Cross-reference I Kor 2:6
  9. Cross-reference I Kor 1:20
  10. Cross-reference És 64:4
  11. Cross-reference Jn 14:26
  12. Cross-reference Wo 11:33
  13. Cross-reference Pwov 20:27
  14. Cross-reference Wo 8:15
  15. Cross-reference I Kor 1:17
  16. Cross-reference Jn 14:17
  17. Cross-reference I Kor 1:18
  18. Cross-reference I Kor 3:1
  19. Cross-reference És 40:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.