Bib Sen An
I Korentyen Yo 1
Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou, A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen 1pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou. 2Gras pounou ak lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri. 3
Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans, menm pandan temwayaj konsènan Kris la te 4konfime nan nou, jis pou nou pa manke nan okenn don, e 5tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri, 6ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri. 7Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.
Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen 8divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan 9menm panse ak nan menm jijman. Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou. Alò, men kisa m ap di. 10Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun 11Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”. Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin 12batize nan non Paul? Mwen remèsye Bondye ke m pa t 13batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus, pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen. Alò, mwen te batize tout 14fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun. 15Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la 16pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile. Paske pawòl lakwa a se foli pou 17sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye. Paske sa ekri: 18
“Mwen va detwi sajès a saj yo,
e entèlijans moun save yo,
mwen va mete sou kote.”
Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a 19laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak 20sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. Paske anverite 21Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; men nou preche 22Kris krisifye a, pou 23Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se 24pwisans a Bondye, ak 25sajès Bondye. Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e 26feblès Bondye a pi fò ke lòm.
Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke 27pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. Men Bondye te chwazi 28foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, 29bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, pou fè 30pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou 31sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak 32jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”
Source notes (32)
- Cross-reference Wo 1:7
- Cross-reference Wo 1:7
- Cross-reference Wo 1:8
- Cross-reference Wo 15:14
- Cross-reference Luc 17:30
- Cross-reference Wo 8:19
- Cross-reference Det 7:9
- Cross-reference I Kor 11:18
- Cross-reference Wo 12:16
- Cross-reference I Kor 3:4
- Cross-reference Trav 18:24
- Cross-reference Mat 28:19
- Cross-reference Trav 18:18
- Cross-reference I Kor 16:15,17
- Cross-reference Jn 4:2
- Cross-reference I Kor 2:1,4,13
- Cross-reference II Kor 2:15
- Cross-reference És 29:14
- Cross-reference Job 12:17
- Cross-reference I Kor 1:27
- Cross-reference Mat 12:18
- Cross-reference I Kor 2:2
- Cross-reference I Pi 2:8
- Cross-reference I Kor 1:18
- Cross-reference I Kor 1:30
- Cross-reference II Kor 13:4
- Cross-reference Mat 11:25
- Cross-reference I Kor 1:20
- Cross-reference Wo 4:7
- Cross-reference Ef 2:9
- Cross-reference I Kor 1:24
- Cross-reference Jr 23:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.