Bib Sen An
Sophonie 3
Malè a sila ki 1fè rebèl e ki 2vin souye a; vil k ap oprime tout moun! Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li 3pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete 4konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a. 5
Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou 6lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten. Pwofèt li yo se moun trèt 7san prensip. 8Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa. SENYÈ a 9plen ladwati nan mitan li. Li p ap 10fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.
Mwen te detwi nasyon yo. Ranpa yo dezole nèt. Ri yo te vin 11gate, pou pèsòn moun pa pase. Vil yo fin detwi nèt, pou pa gen moun, 12pou pa gen pèsòn ki rete ladan yo. Mwen te di: “Sèlman gen lakrent Mwen. 13Resevwa enstriksyon”. Konsa, kote nou rete a p ap vin koupe retire nèt, selon tout sa ke Mwen te deziye pou rive l. Men yo te leve bonè e te konwonpi nan tout zèv yo.
“Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou 14rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske 15tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo 16lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl. Soti byen lwen rivyè Ethiopie yo, moun ki adore Mwen yo, menm fi dispèse Mwen an va vin 17pote ofrann ban Mwen. Nan jou sa a, ou p ap 18vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki 19plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an. Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a.20 Retay Israël la p ap 21fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.”
Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan! SENYÈ a te retire 22jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la 23nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò. Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: 24Pa pè anyen, O Sion! 25Pa kite men ou vin fèb. SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou. Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren 26pou fèt deziye yo. Se yon repwòch yo ye pou ou. Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak 27tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè. Nan lè sa a, Mwen va 28fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen 29 retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.
Source notes (29)
- Cross-reference Jr 5:23
- Cross-reference Éz 23:30
- Cross-reference Jr 2:30
- Cross-reference Sòm 78:22
- Cross-reference Éz 22:27
- Cross-reference Jr 5:6
- Cross-reference Jij 9:4
- Cross-reference Éz 22:26
- Cross-reference Det 32:4
- Cross-reference Sòm 92:15
- Cross-reference Jr 9:12
- Cross-reference So 2:5
- Cross-reference Job 36:10
- Cross-reference Éz 38:14-23
- Cross-reference So 1:18
- Cross-reference És 19:18
- Cross-reference És 60:6,7
- Cross-reference És 45:17
- Cross-reference És 2:12
- Cross-reference És 14:30; És 50:10
- Cross-reference Sòm 119:3; Za 8:3,16
- Cross-reference Sòm 19:9
- Cross-reference Éz 37:26-28
- Cross-reference És 35:3,4
- Cross-reference Job 4:3
- Cross-reference Sòm 42:2-4
- Cross-reference És 60:14
- Cross-reference Éz 37:12,21
- Cross-reference Jr 29:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.