Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Aggée 1

Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt 1Aggée a 2Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Pèp sa a di: “Lè a poko rive; lè pou rebati kay SENYÈ a.”’”

Konsa, pawòl SENYÈ a te vini pa Aggée, pwofèt la. Li te di: Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a 3rete nan movèz eta? Alò, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo! Nou te 4simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke ase. Nou mete rad, men yo pa kont pou evite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”

Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo! Monte sou mòn yo, pote bwa pou 5rebati tanp lan pou M kapab 6pran plezi e jwenn glwa ladann,” pale SENYÈ a. “Nou chache anpil, men gade byen, ti kras vin jwenn nou; lè nou te mennen l lakay nou, Mwen 7soufle sou li pou fè l ale. Poukisa?” deklare SENYÈ dèzame yo: “Akoz kay Mwen ki rete an movèz eta a, pandan nou tout ap byen okipe pwòp lakay nou. Akoz sa, akoz nou menm 8syèl la te vin ralanti nan lawouze li, e latè te vin refize pwodwi fwi li. Mwen te rele yon 9gwo sechrès vini sou peyi a, sou mòn yo, sou grenn sereyal yo, sou diven nèf la, sou lwil la, sou tout pwodwi latè yo, sou lòm, sou bèt ak sou tout zèv men nou yo.”

Konsa, Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak tout retay a pèp la, te 10obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye yo a, e pawòl a Aggée yo, pwofèt la, akoz se SENYÈ a, Bondye yo a ki te voye li. Epi pèp la te 11montre lakrent pou SENYÈ a.

Answit Aggée, mesaje SENYÈ a, te pale nan komisyon SENYÈ a, bay pèp la. Li te di, 12 “Mwen avèk nou, deklare SENYÈ a.”

Konsa, SENYÈ a te twouble lespri Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, lespri Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak lespri 13retay pèp la; epi yo te vini 14travay nan kay SENYÈ dèzame yo, Bondye yo a, nan venn-katriyèm jou sizyèm mwa a, nan dezyèm ane a Darius, wa a.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Esd 5:1
  2. Cross-reference Né 7:7
  3. Cross-reference Jr 33:10,12
  4. Cross-reference Det 28:38-40
  5. Cross-reference I Wa 6:1
  6. Cross-reference Sòm 132:13,14
  7. Cross-reference És 40:7
  8. Cross-reference Det 28:23,24
  9. Cross-reference Jr 14:2-6
  10. Cross-reference És 1:19
  11. Cross-reference Det 31:12,13
  12. Cross-reference Sòm 46:11
  13. Cross-reference Ag 1:12
  14. Cross-reference Esd 5:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.