Bib Sen An
Aggée 2
Nan venteyen jou nan setyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote 1Aggée, pwofèt la. Li te di: “Pale koulye a a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la e a 2retay a pèp la e di: ‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou?3 Men koulye a, 4se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la, e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘epi travay, paske 5Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo. Selon 6pwomès ke M te fè nou an, depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M t ap viv pami nou. ‘Pa pè anyen!’ Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: 7‘Yon fwa ankò 8nan yon ti tan, Mwen va souke syèl yo, tè a, lanmè a ak tè sèch la. Mwen va souke 9tout nasyon yo. Konsa, 10gwo richès de tout nasyon yo va vini, e Mwen va plen kay sa a ak glwa,’ pale SENYÈ dèzame yo. 11‘Ajan se pa M, e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Dènye 12glwa kay sa a, va pi gran ke ansyen an,’ pale SENYÈ dèzame yo: ‘Epi nan plas sa a, Mwen va bay 13Lapè’, deklare SENYÈ dèzame yo.”
Nan 14venn-kat nan nevyèm mwa a, nan dezyèm ane Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Aggée, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Kounye a 15mande prèt yo konsènan Lalwa a. Mande yo: Si yon nonm pote 16vyann sakre vlope nan ke wòb li, e avèk ke wòb li, li touche pen, manje kwit, diven, lwil, oswa nenpòt lòt manje, èske sa ki touche pa li menm va vin sakre?’”
Prèt yo te reponn: “Non”.
Anplis, Aggée te mande: 17“Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav, ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske moun sa va pa pwòp?”
Prèt yo te reponn: “Yo va vin pa pwòp.”
Epi Aggée te di: 18“‘Se konsa pèp sa a ye. Epi se konsa nasyon sa a ye devan Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘Anplis, se konsa tout zèv men yo, ak sa ke yo ofri la yo, vin pa pwòp. Alò, koulye a, m ap priye nou 19byen konsidere sa soti nan jou sa a pou gade dèyè nèt: avan yon sèl wòch te plase sou yon wòch sou tanp SENYÈ a. Pandan tout tan sa a, lè yon moun te rive sou yon pil sereyal ak ven mezi, te gen sèlman dis. Lè yon moun te rive sou gwo ja diven, pou rale retire senkant mezi, te gen sèlman ven. Tout zèv ki te fèt ak men nou yo, Mwen te frape ak 20destriksyon, lakanni, ak lagrèl. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,’ deklare SENYÈ a. 21‘Byen konsidere sa, m ap priye nou. Soti nan jou sa a gade dèyè nèt, soti nan venn-katriyèm jou nan nevyèm mwa a; depi jou lè tanp SENYÈ a te 22fonde a, konsidere sa: Èske semans lan gen tan rive nan depo a? Menm pye rezen an, pye fig etranje a, pye grenad ak bwa doliv la, pa reyisi pote anyen. Malgre sa, soti nan jou sila a, Mwen va 23beni nou.’”
Konsa, pawòl SENYÈ a te vini yon dezyèm fwa a Aggée nan 24venn-katriyèm jou nan mwa a e te di: “Pale ak Zorobabel, gouvènè a Juda a e di: ‘Mwen va 25souke syèl yo ak tè a. Mwen va 26boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi 27pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’ ‘Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: “Mwen va pran ou, Zorobabel, fis a Schealthiel la, sèvitè Mwen an,’ deklare SENYÈ a. ‘Epi konsa, Mwen va fè ou vin tankou yon 28 bag so, paske 29Mwen te chwazi ou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.”
Source notes (29)
- Cross-reference Ag 1:11
- Cross-reference Ag 1:12
- Cross-reference Esd 3:12
- Cross-reference Det 31:23
- Cross-reference II Sam 5:10
- Cross-reference Egz 19:4-6
- Cross-reference Eb 12:26
- Cross-reference És 10:25
- Cross-reference Dan 2:44
- Cross-reference És 60:4-9
- Cross-reference I Kwo 29:14-16
- Cross-reference Za 2:5
- Cross-reference És 9:6,7
- Cross-reference Ag 2:20
- Cross-reference Det 17:8-11
- Cross-reference Egz 29:37
- Cross-reference Lev 22:4-6
- Cross-reference Pwov 15:8
- Cross-reference Ag 1:5,7
- Cross-reference Det 28:22
- Cross-reference Det 32:29
- Cross-reference Esd 5:1,2
- Cross-reference Sòm 128:1-6
- Cross-reference Ag 2:10
- Cross-reference Ag 2:6
- Cross-reference Éz 26:16
- Cross-reference Mi 7:16
- Cross-reference Kan 8:6
- Cross-reference És 42:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.