Bib Sen An
Zacharie 1
Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a 1Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a 2Iddo a. Li te di: “SENYÈ a te 3fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: 4“Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo. “Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo 5pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.6 7Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi 8pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo?
“Konsa yo te repanti, e te di: 9‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”
Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon 10cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval 11blan.
Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?”
Epi 12zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”
Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè 13patwouj sou latè.”
Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen 14tout tè a kalm. Li gen lapè.” Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, 15 pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan 16swasann-dis ane sila yo?”
SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.17 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen 18jalou depase pou Jérusalem ak Sion. Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki 19 alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.” Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap 20retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. 21Kay Mwen an va bati ladan l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’
“Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: 22“Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e 23chwazi Jérusalem ankò.”’”
Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?”
Li te reponn mwen: “Sa yo se 24kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.” SENYÈ a te montre mwen kat 25gwo bòs fòjewon. Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou 26fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”
Source notes (26)
- Cross-reference Esd 5:1
- Cross-reference Né 12:4,16
- Cross-reference II Kwo 36:16
- Cross-reference És 31:6
- Cross-reference Jr 6:17
- Cross-reference És 1:16-19
- Cross-reference Lam 5:7
- Cross-reference Jn 8:52
- Cross-reference Lam 2:17
- Cross-reference Za 6:2
- Cross-reference Rev 6:2
- Cross-reference Za 2:3
- Cross-reference Job 1:7
- Cross-reference És 14:7
- Cross-reference Sòm 74:10
- Cross-reference Jr 25:11
- Cross-reference És 40:1,2
- Cross-reference Za 8:2
- Cross-reference Sòm 123:4; Am 1:11
- Cross-reference És 54:8-10
- Cross-reference Esd 6:14,15
- Cross-reference És 44:26
- Cross-reference Za 2:12
- Cross-reference I Wa 22:11
- Cross-reference És 44:12
- Cross-reference Sòm 75:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.