Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Zacharie 2

Konsa, Mwen te leve zye m gade, e vwala, te gen yon nonm ak yon 1lign mezi nan men l. Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?”

Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”2

Epi vwala 3zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l. Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: 4‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki 5san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann. Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon 6miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.

“‘Vini! Vini! 7Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a. ‘Vini Sion! 8Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’ Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè 9glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li. Paske, gade byen, Mwen va 10souke men M sou yo, e yo va vin 11piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen. Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va 12rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a. 13Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou. SENYÈ a va 14posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va 15chwazi Jérusalem ankò. 16Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”

Source notes (16)
  1. Cross-reference Jr 31:39
  2. Cross-reference Jr 31:39
  3. Cross-reference Za 1:9
  4. Cross-reference Za 1:17
  5. Cross-reference Éz 38:11
  6. Cross-reference És 4:5
  7. Cross-reference Jr 3:18
  8. Cross-reference És 48:20
  9. Cross-reference És 60:7-9
  10. Cross-reference És 19:16
  11. Cross-reference És 14:2
  12. Cross-reference Za 2:5
  13. Cross-reference Mi 4:2
  14. Cross-reference Det 32:9
  15. Cross-reference II Kwo 6:6
  16. Cross-reference Hab 2:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.