Bib Sen An
Sophonie 2
Rasanble nou ansanm, wi rasanble nou, O nasyon 1ki pa gen wont, avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan 2chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan 3jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou. 4Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. 5Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a. Paske Gaza va vin abandone, e Askalon va vin yon kote dezole. Asdod va chase mete deyò nan mitan jounen, e 6Ékron va vin dechouke. Malè pou sila ki rete kote lanmè yo, nasyon a 7Keretyen yo! Pawòl SENYÈ a kont ou, O Canaran, peyi Filisten yo! Mwen va detwi nou jiskaske pa gen moun ki rete la ankò. Konsa bò kot lanmè a va tounen patiraj pou bèt, avèk kay pou bèje e pak pou bann mouton yo.8 Epi kot lanmè a va apatyen a 9retay lakay Juda a. Yo va fè 10patiraj yo sou li. Nan kay Askalon yo, yo va kouche nan aswè; paske SENYÈ Bondye yo a va pran swen yo e restore davni yo. Mwen te tande lè Moab t ap 11vekse nou. Ak 12malediksyon a fis Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an, e te fè tèt yo vin plen ògèy kont lizyè pa yo a. Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va 13piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.” Se sa yo va twouve kon rekonpans 14ògèy yo, akoz yo te 15vekse, e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo. SENYÈ a va vin 16tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye tèritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va 17adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.
Nou menm tou 18Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.
Li va 19lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè. Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt yo. 20Grangozye, ni zagoudi va vin rete sou gran vil li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo. Papòt yo va rete dezole, paske Li te devwale nèt tout gran travès bwa sèd yo. Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki 21 te viv san reflechi. Li te di nan kè l: 22“Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.
Source notes (22)
- Cross-reference Jr 3:3
- Cross-reference Lam 4:11
- Cross-reference So 1:18
- Cross-reference Sòm 105:4
- Cross-reference Am 5:14,15
- Cross-reference Am 1:7,8
- Cross-reference Éz 25:16
- Cross-reference És 5:17
- Cross-reference És 11:16
- Cross-reference És 32:14
- Cross-reference Éz 25:8
- Cross-reference Éz 25:3
- Cross-reference És 11:14
- Cross-reference És 16:6
- Cross-reference So 2:8
- Cross-reference Jl 2:11
- Cross-reference Sòm 72:8-11
- Cross-reference És 18:1-7
- Cross-reference És 14:26
- Cross-reference És 14:23
- Cross-reference És 32:9,11
- Cross-reference És 47:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.