Bib Sen An
Sophonie 1
Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
“Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.1 Mwen va retire ni 2lòm, ni bèt. Mwen va retire 3zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a. Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va 4koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout 5prèt zidòl yo, sila ki adore sou 6twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa 7Milcom, sila ki te 8vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki 9pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.” 10
Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske 11jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo. Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va 12pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak 13vètman etranje yo. Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.14
Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan 15Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan 16dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo. Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp 17Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt. Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki 18deside sou sa yo fin bwè, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a 19p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!” Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va 20bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
Pre rive se 21gran 22jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou 23gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou 24tenèb ak dekourajman, yon jou nwaj yo ak gwo fènwa a. Yon jou 25twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. Mwen va mennen 26gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache 27tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. Ni 28ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men 29tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
Source notes (29)
- Cross-reference Jen 6:7
- Cross-reference És 6:11,12
- Cross-reference Jr 4:25
- Cross-reference Mi 5:13
- Cross-reference II Wa 23:5
- Cross-reference II Wa 23:12
- Cross-reference I Wa 11:5,23
- Cross-reference És 1:4
- Cross-reference És 9:13
- Cross-reference Hab 2:20
- Cross-reference So 1:14
- Cross-reference És 24:21
- Cross-reference És 2:6
- Cross-reference Jr 5:27
- Cross-reference II Kwo 33:14
- Cross-reference II Kwo 34:22
- Cross-reference So 2:5
- Cross-reference Jr 48:11
- Cross-reference Éz 8:12
- Cross-reference Am 5:11
- Cross-reference Jr 30:7
- Cross-reference Éz 7:7-12
- Cross-reference És 22:5
- Cross-reference Jl 2:2,31
- Cross-reference És 27:13
- Cross-reference Jr 10:18
- Cross-reference Det 28:29
- Cross-reference Éz 7:19
- Cross-reference So 3:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.