Bib Sen An
Habacuc 3
Yon priyè Habacuc, pwofèt la, selon fòm Sigonoth la.
SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm
e mwen kanpe etone nèt.
O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo.
Fè yo vin koni nan mitan ane yo.
Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.1
Bondye soti nan Théman;
Sila ki Sen an soti nan Mòn 2Paran. Tan
Bèlte Li kouvri syèl la,
e tè a vin plen ak lwanj Li. 3
Ekla Li tankou reyon solèy la.
Gen tras klate limyè ki soti nan men L,
e nanpwen anyen ki kache de 4pouvwa Li.
Devan Li, tout kalite touman mache;
dèyè Li, epidemi a swiv sou pye L.5
Li te kanpe;
tè a te sekwe.
Li te gade;
nasyon yo te 6etone.
Wi, lansyen mòn yo te vin detwi,
ansyen kolin yo te vin efondre.
Chemen li yo dire jis pou tout tan.
Mwen te wè tant a Cush yo 7 anba detrès.
Rido tant a Madian yo t ap tranble.
Èske SENYÈ a te malkontan ak rivyè yo?
Èske se ak rivyè yo Ou te fache?
Oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a,
ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo,
sou cha delivrans Ou yo?8
Ou te rale banza a soti nan fouwo l;
Ou te rele flèch ou yo fè sèman an. Selah.
Ou te fann tè a ak rivyè yo.9
Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble.
Flèv dlo yo te kouri desann.
Pwofondè a te gwonde.
Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo.
Nan eklè flèch Ou yo,
ak briyans lans Ou yo,
solèy ak lalin nan te kanpe sou plas.
Nan gwo kòlè Ou, Ou te 12mache travèse tè a.
Nan kòlè Ou, Ou te 13foule mache sou nasyon yo.
Ou te soti pou 14delivrans a pèp Ou a,
pou sali pèp onksyon Ou an.
Ou te frape tèt peyi mechanste a.
Ou te ekspoze li nèt,
depi nan kwis li pou rive nan kou l. Selah.
Ou te frennen tèt gèrye li yo ak pwòp nepe yo.
Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou.
Ak gwo lajwa yo te tankou sila
ki devore malere an sekrè yo.15
Ou te 16foule mache sou lanmè a
ak cheval Ou yo,
sou lam lanmè a k ap boulvèse dlo a.
Mwen te tande,
e zantray mwen te tranble.
Lèv mwen te tranble ak son vwa a.
Pouriti a antre nan zo m,
mwen te tranble sou plas,
paske 17mwen oblije tann jou detrès la, byen kalm,
tann pèp k ap leve a vin anvayi nou.
Menmsi 18pye fig la pa ta fleri,
ni pa gen fwi sou branch rezen yo,
menmsi donn oliv la vin sispann,
e chan yo pa pwodwi manje,
menmsi bann mouton an ta koupe
separe de pak la,
e pa gen bèf nan pak la,
mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a.
Mwen va rejwi nan 19Bondye, sali mwen an.
Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
Senyè BONDYE mwen an se 20fòs mwen.
Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;
Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo.
Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.
Source notes (20)
- Cross-reference Sòm 71:20; Hab 1:5
- Cross-reference Jr 49:7; Jen 21:21
- Cross-reference Sòm 18:12
- Cross-reference Job 26:14
- Cross-reference Egz 12:29-30
- Cross-reference Job 21:18; Hab 1:12
- Cross-reference Egz 15:14-16
- Cross-reference Egz 7:19,20; Egz 14:16,21
- Cross-reference Sòm 78:16
- Cross-reference Sòm 93:3
- Cross-reference Jos 10:12-14
- Cross-reference Sòm 68:7
- Cross-reference És 41:15
- Cross-reference Egz 15:2
- Cross-reference Dan 11:40; Sòm 10:8
- Cross-reference Sòm 77:19
- Cross-reference Luc 21:19
- Cross-reference Jl 1:10-12
- Cross-reference Sòm 25:5
- Cross-reference Sòm 18:32,33
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.