Bib Sen An
Habacuc 2
Mwen va kanpe sou pòs gad mwen, e mwen va pran pozisyon sou ranpa a. Mwen va 1veye san rete pou wè 2ki sa Li va pale avèk mwen, ak jan pou m ta reponn, selon plent mwen pote bay L.
Konsa SENYÈ a te reponn mwen. Li te di: 3“Ekri vizyon an e montre li klè sou tablo, pou sila k ap kouri a, ka li l. Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. L ap pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, 4tann li; paske anverite, li va vini. Li 5p ap fè mize. Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men 6moun dwat la va viv pa lafwa li. Anplis, diven devwale yon 7moun ògeye, ki pa rete lakay li. 8L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.
“Èske tout moun sa yo p ap 9Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?” Èske moun ki dwe w yo p ap leve 10sibitman? Èske yo p ap vin souleve? Anverite, ou va vin piyaj pou yo. Akoz ou te 11piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo.
“Malè a sila ki jwenn 12avantaj malonèt pou lakay li a, pou 13mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè! Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te 14peche kont pwòp nanm ou. Anverite, wòch la va kriye soti nan mi an, e poto travès la va reponn li.15
“Malè a sila ki 16bati yon vil ak san vèse, e ki fonde yon vil ak inikite! Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi?17 Paske latè va 18ranpli ak konesans ak laglwa SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè.
“Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo! Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. 19Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e 20wont total va ranplase laglwa ou. Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout sila ki rete ladann yo.
“Ki pwofi ki gen nan zidòl la, lè mèt li fin taye l? Swa yon imaj, fòme pa yon21pwofesè k ap bay manti? Paske sila menm ki te fè l la mete konfyans li nan pwòp zèv li a, lè l fòme zidòl ki bèbè. Malè a sila ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se sila a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e 22pa gen okenn souf ladann. Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”23
Source notes (23)
- Cross-reference Sòm 5:3
- Cross-reference Sòm 85:8
- Cross-reference Det 27:8
- Cross-reference Sòm 27:14
- Cross-reference Éz 12:25
- Cross-reference Wo 1:17
- Cross-reference Pwov 21:24
- Cross-reference Pwov 27:20
- Cross-reference És 14:4-10
- Cross-reference Pwov 29:1
- Cross-reference És 33:1
- Cross-reference Jr 22:13
- Cross-reference Jr 49:16
- Cross-reference Jr 26:19
- Cross-reference Jos 24:27
- Cross-reference Mi 3:10
- Cross-reference És 50:11
- Cross-reference Sòm 22:27
- Cross-reference Jr 25:15,17
- Cross-reference Na 3:6
- Cross-reference Jr 10:8,14
- Cross-reference Sòm 135:17
- Cross-reference Mi 1:2; So 1:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.