Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Habacuc 1

1

Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè. 2Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou 3pa delivre. Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se 4destriksyon ak vyolans ki devan mwen; 5gwo konfli ak kont k ap leve toupatou. Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.6

“Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l. Paske, gade byen, Mwen ap 7leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou 8sezi kote ki pa pou yo. Yo plen tout moun ak gwo 9laperèz, ak lakrent. 10Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm. 11Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke 12lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore. Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo 13 se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab. Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo. Tankou 14van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman 15koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”

Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon. Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?16 Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo? Pou Kaldeyen yo, yo 17 rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo 18rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan. Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil. Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye 19detwi nasyon yo san mizerikòd?

Source notes (19)
  1. Cross-reference És 13:1
  2. Cross-reference Sòm 13:1,2
  3. Cross-reference Jr 14:9
  4. Cross-reference Jr 20:8
  5. Cross-reference Jr 15:10
  6. Cross-reference Sòm 58:1,2; És 5:20
  7. Cross-reference II Wa 24:2
  8. Cross-reference Jr 8:10
  9. Cross-reference És 18:2,7
  10. Cross-reference Jr 39:5-9
  11. Cross-reference Jr 4:13
  12. Cross-reference So 3:3
  13. Cross-reference II Wa 12:17
  14. Cross-reference Jr 2:3
  15. Cross-reference Jr 4:11
  16. Cross-reference Sòm 50:21; Sòm 35:25
  17. Cross-reference Jr 16:16
  18. Cross-reference Sòm 10:9
  19. Cross-reference És 14:5,6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.