Bib Sen An
Nahum 3
Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen. 2Bri a fwèt la, bri a wou k ap sone sou wòch yo, cheval k ap galope yo ak cha k ap vòltije yo! Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. 3Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak 4kò mouri san kontwòl— yo manke tonbe sou kadav mò yo! Tout sa akoz anpil aktivite a pwostitiye yo, sila ki vrèman byen pòtan yo, mètrès a gwo maji yo, ki vann nasyon yo nan pwostitisyon li yo, ak fanmi yo nan gwo wanga li konn fè yo. “Gade byen, Mwen vin kont ou”, deklare SENYÈ dèzame yo. Mwen va 5Leve jip ou jis rive nan figi ou pou 6montre a nasyon yo toutouni ou, pou wayòm yo wè wont ou. Mwen va jete bagay ki sal nèt sou ou, 7fè ou vin avili e fè ou vin 8 espektak. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki wè ou, yo va fè bak, e yo va di: “Men Ninive fin devaste nèt! 9Se kilès k ap fè dèy pou li? Se kibò pou m ta jwenn moun ki pou rekonfòte ou?”
Èske ou pi bon pase 10Nò Amon ki te pozisyone pami rivyè yo, ki te antoure ak dlo, ki te gen lanmè kon pwotèj li, e se lanmè ki te sèvi kon miray li? Se Éthiopie ki te pwisans li, ansanm ak Égypte ki te san limit. 11Puth ak 12Libie te pami soutyen ou yo. Men li te 13pote ale; li te antre an kaptivite. Tout ti pitit li yo te vin kraze an mòso nan tèt tout ri yo. Yo te fè tiraj osò pou onorab li yo, e mesye pwisan li yo te mare nan chèn. Ou menm tou va vin sou nèt. Ou va 14kache. Ou menm tou va chache yon kote pou ou kache akoz de ènmi an. Tout gwo fò nou yo va tankou 15pye fig etranje ak 16fwi ki mi— lè yo sekwe yo, yo tonbe nan bouch a sila k ap manje yo a. Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin 17ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo. 18
Rale dlo ou pou kont ou pou fè syèj la! Ranfòse fò ou yo! Antre nan ajil la, e foule mòtye a anba pye ou. Byen bati kay fou k ap fè brik yo fò! La, dife sa menm va vin devore ou nèt. Nepe va koupe retire ou nèt. Li va devore ou tankou krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou yon krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou krikèt. Ou fin ogmante 19machann ou yo plis pase zetwal syèl yo— krikèt volan ravaje, epi, konsa, li vole ale. 20Gad nou yo tankou krikèt. 21Jandam nou yo tankou gwo lame krikèt volan k ap poze sou wòch nan jou fredi. Lè solèy la leve yo sove ale. Kote yo rive a, pèsòn pa konnen.
Bèje ou yo ap dòmi, O wa Assyrie. Prens ou yo kouche nèt. Pèp ou an vin gaye sou mòn yo, e nanpwen moun ki pou rasanble yo.22 Nanpwen 23ti pansman pou sa k ap fè ou mal la. 24Blesi ou a p ap ka geri. Tout moun ki tande koze ou va bat men yo sou ou, paske kilès moun san rete, ki pa t resevwa nan mechanste ou?
Source notes (24)
- Cross-reference Éz 2:6,9
- Cross-reference Job 39:22-25
- Cross-reference És 34:3
- Cross-reference És 37:36
- Cross-reference És 47:2,3
- Cross-reference Éz 16:37
- Cross-reference Job 30:8
- Cross-reference És 14:16
- Cross-reference És 51:19
- Cross-reference Jr 46:25
- Cross-reference Jr 46:9
- Cross-reference II Kwo 12:3
- Cross-reference És 19:4
- Cross-reference És 2:10,19
- Cross-reference Rev 6:13
- Cross-reference És 28:4
- Cross-reference És 45:1,2
- Cross-reference II Kwo 32:3,4; Na 2:1
- Cross-reference És 23:8
- Cross-reference Rev 9:7
- Cross-reference Jr 51:27
- Cross-reference Sòm 76:5,6; I Wa 22:17
- Cross-reference Jr 46:11
- Cross-reference Jr 30:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.