Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Nahum 2

Sila ki konn kaze brize a gen tan monte kont ou. Kenbe fò a! Veye chemen an! Ranfòse ren ou! Ranmase tout kouraj ou!1

Paske SENYÈ a va restore tout 2glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te 3rache branch rezen li yo.

Boukliye a mesye pwisan li yo vin wouj. Gèrye yo vin abiye an 4kramwazi. Cha yo klere an asye nan jou derape a. Lans an bwa pichpen yo vin parèt. 5Cha yo kouri fou nan lari. Yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray. Li rele 6gèrye pi chwazi li yo. Yo 7manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikad syèj defans la fin prepare. Pòtay rivyè yo ouvri e palè a fin kraze nèt. Bagay la fin fèt; Ninive vin toutouni, li fin pote ale nèt. Sèvant li yo ap plenyen ak vwa toutrèl; y ap 8bat lestonmak yo. Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men 9pèsòn pa gade dèyè. Pran piyaj ajan! Pran piyaj 10lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo. Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. 11Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e 12figi yo vin blèm! Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè? Lyon an te konn chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim. “Gade byen 13Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”

Source notes (13)
  1. Cross-reference Jr 51:20-23
  2. Cross-reference És 60:15
  3. Cross-reference Sòm 80:12,13
  4. Cross-reference Éz 23:14,15
  5. Cross-reference És 66:15
  6. Cross-reference Na 3:18
  7. Cross-reference Jr 46:12
  8. Cross-reference És 32:12
  9. Cross-reference Jr 46:5
  10. Cross-reference Rev 18:12,16
  11. Cross-reference Sòm 22:14
  12. Cross-reference Jl 2:6
  13. Cross-reference Jr 21:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.