Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Nahum 1

Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la. Yon Dye 1jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li. SENYÈ a 2lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li. Li 3Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen. Mòn yo 4tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann. Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte 5chalè kòlè Li? Se tankou dife 6kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso. SENYÈ a 7bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo. Men tankou yon 8inondasyon ki debòde nèt, li va fè vil Ninive disparèt nèt, e kouri dèyè lènmi Li yo jis rive nan fènwa. Nenpòt panse nou konn 9fè kont SENYÈ a, li va mete fen a sa 10nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa. Kon bwa pikan mele mare, kon sila ki sou ak bwason yo, yo va 11 vin konsonmen nèt kon pay ki fennen nèt. Nan ou, te sòti yon moun ki te 12 fè move konplo kont SENYÈ a, yon 13konseye mechan.

Konsa pale SENYÈ a: “Byenke yo plen fòs, e yo gen anpil moun; malgre sa, yo va 14vin koupe retire e disparèt. Byenke Mwen te aflije ou, Mwen p ap aflije ou 15ankò. Pou sa, koulye a, Mwen va 16kraze retire jouk li ki mare sou ou a, e mwen va eklate chèn ou yo.”

SENYÈ a fin pase lòd konsènan ou menm: 17“P ap gen desandan ki pou pote non ou ankò. Mwen va koupe retire zidòl ak imaj soti lakay dye ou yo. M ap prepare yon kote antèman pou ou; paske ou vin abominab.”

Gade byen, 18sou mòn yo, pye a li ki pote bòn nouvèl, ki anonse lapè yo! Fè fèt nou, O Juda! Akonpli ve nou yo. Paske sa p ap janm rive ankò pou mechan sila an vin pase nan mitan nou. Li fin koupe retire nèt.

Source notes (18)
  1. Cross-reference Egz 20:5; Det 32:35,41
  2. Cross-reference Egz 34:6,7
  3. Cross-reference Jos 3:15,16; És 33:9
  4. Cross-reference Egz 19:18; És 24:1,20
  5. Cross-reference És 13:13
  6. Cross-reference És 66:15
  7. Cross-reference Sòm 25:8
  8. Cross-reference És 28:2,17
  9. Cross-reference Sòm 2:1
  10. Cross-reference És 28:22
  11. Cross-reference És 5:24
  12. Cross-reference És 10:7-11
  13. Cross-reference Éz 11:2
  14. Cross-reference És 10:16-19,33,34
  15. Cross-reference Lam 3:31,32
  16. Cross-reference És 9:4
  17. Cross-reference Job 18:17; Éz 32:22
  18. Cross-reference És 40:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.