Bib Sen An
Michée 7
Malè a mwen menm!
Anverite, mwen tankou moun
k ap ranmase fwi gran sezon,
k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven.
Pa gen grap rezen pou manje,
ni yon grenn 1premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.
Moun fidèl 2fin disparèt sou latè a,
e nanpwen moun dwat pami lòm.
Yo tout kouche an anbiskad pou 3vèse san;
yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.
Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l 4byen.
Prens lan mande, e jij la prè pou yon 5glise anba tab.
Yon nonm pwisan prezante tout mechanste
ke nanm li bezwen.
Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.
Pi bon nan yo se pikan.
Pi dwat la pi mal pase kloti zepin.
Jou gadyen ou,
jou 6vizitasyon ou an fin rive.
Koulye a y ap 7boulvèse, egare nèt.
Pa 8fè konfyans ak yon vwazen.
Pa fè konfyans ak yon zanmi.
Ak fi k ap kouche ak ou a,
gade pòt bouch ou!
Paske 9fis la derespekte papa a,
e fi a leve kont manman li,
bèlfi a kont bèlmè li;
lènmi a yon nonm se anndan lakay li.
Men pou mwen menm,
mwen va 10gade vè SENYÈ a.
Mwen va 11tann Bondye a sali mwen an.
Bondye mwen an va koute mwen. 12
Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen.
Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò.
Malgre mwen chita nan tenèb,
SENYÈ a va yon 13limyè pou mwen.
Mwen va pote endiyasyon SENYÈ a,
akoz mwen te peche kont Li,
jiskaske li 14plede ka mwen an,
e egzekite jijman pou mwen.
Konsa, Li va mennen m sòti nan plen limyè,
e mwen va wè ladwati Li.
Answit, lènmi m va wè sa,
e gwo wont va kouvri fi a ki te di m:
“Kote SENYÈ Bondye ou a?”
Zye m va gade fi sa a.
Epi konsa, nan lè sa a, li va
vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.15
Sa va yon jou pou 16bati miray ou yo.
Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi.
Sa va yon jou ke yo va 17vin kote ou
soti Assyrie ak vil Égypte yo;
soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la,
menm soti nan lanmè,
rive nan lanmè,
nan mòn rive nan mòn.
Malgre, latè va vin 18dezole
akoz sila k ap viv ladann yo,
akoz fwi a zak yo. 19
Mennen pèp Ou a ak kwòk bèje Ou a,
bann mouton a eritaj Ou a,
ki rete pou kont yo, nan forè.
Kite yo manje nan mitan bon pa,
nan Basan ak Galaad, 20tankou nan ansyen tan an.
“Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi Égypte la,
Mwen va montre ou 21Mirak.”
Nasyon yo 22va wè,
e yo va wont de tout pwisans yo.
Yo va 23mete men yo sou bouch yo;
zòrèy yo va vin soud.
Yo va niche pousyè tankou sèpan.
Tankou bagay k ap ranpe sou latè,
yo va sòti 24tou ap tranble nan sitadèl souteren yo.
Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak 25gwo lakrent;
konsa, yo va pè devan Ou.
Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki 26padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?
Li pa 27kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
Li va gen konpasyon pou nou ankò. 28
Li va foule inikite nou yo anba pye L.
Wi, Ou va 29jete tout peche yo nan fon lanmè.
Ou va bay 30verite a Jacob
ak mizerikòd a Abraham,
tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo
depi nan jou ansyen yo.
Source notes (30)
- Cross-reference És 28:4
- Cross-reference És 57:1
- Cross-reference És 59:7
- Cross-reference Pwov 4:16,17
- Cross-reference Am 5:12
- Cross-reference És 10:3
- Cross-reference És 22:5
- Cross-reference Jr 9:4
- Cross-reference Mat 10:21,25
- Cross-reference Hab 2:1
- Cross-reference Sòm 130:5
- Cross-reference Pwov 24:17
- Cross-reference És 9:2
- Cross-reference Jr 50:34
- Cross-reference És 51:23
- Cross-reference És 54:11
- Cross-reference És 19:23-25
- Cross-reference Jr 25:11
- Cross-reference Sòm 95:7
- Cross-reference Am 9:11
- Cross-reference Egz 3:20
- Cross-reference És 26:11
- Cross-reference Mi 3:7
- Cross-reference Sòm 18:45
- Cross-reference És 25:3
- Cross-reference Egz 34:7,9
- Cross-reference Sòm 103:8,9,13
- Cross-reference Jr 50:20
- Cross-reference És 38:17
- Cross-reference Jen 24:27
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.