Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Michée 6

Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di:

“Leve, plede ka ou devan mòn yo;

kite kolin yo tande vwa ou.

Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a,

e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo.

Paske 1SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a,

e Li va plede ka Li ak Israël.

“Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou? 2

Nan kisa Mwen te fatige ou?

Reponn Mwen!

Anverite Mwen te mennen nou

monte soti nan peyi Égypte.

Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la.

Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”3

Pèp mwen, sonje koulye a konsèy

Balak, wa Moab la ak sa Balaam,

fis a Beor a, te reponn li depi

nan Sittim rive Guilgal,

pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.” 4

Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,

e bese m ba devan Bondye anlè a?

Èske mwen ta vini ak ofrann brile,

ak ti bèf ki gen yon lane?

Èske SENYÈ a pran plezi nan 5 milye de belye yo?

Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?

Èske se 6premye ne mwen an mwen dwe bay

pou zak rebelyon mwen yo?

Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?

Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

Sèl pou 7fè sa ki jis, renmen 8Mizerikòd,

e mache nan imilite ak Bondye ou a?

Vwa SENYÈ a va rele vè vil la,

e sajès, li menm, fè lakrent non Ou.

“Koute baton an,

ak Sila ki te deziye l.

Èske toujou gen trezò 9mechanste

lakay mechan an, ak yon mezi ki manke?

Ki se madichonnen?

Èske Mwen kapab tolere yon 10 fo balans

ak yon sachè fo pèz?

Paske moun rich li yo plen vyolans.

Rezidan li yo fè 11manti,

e 12lang yo twonpe soti nan bouch yo.

Konsa tou, Mwen te frape ou ak 13yon blesi grav.

Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.

Ou va manje, men ou 14p ap satisfè.

Imilyasyon ou va nan mitan ou.

Ou va vin mete sou kote,

men ou p ap 15konsève,

e sa ke ou t ap rezève a,

Mwen va bay li a nepe.

Ou va simen, men ou p ap rekòlte.

Ou va kraze grenn oliv anba pye,

men ou menm p ap onksyone ak lwil;

kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.16

Paske se règleman 17Omri yo nou kenbe,

ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève,

e se nan konsèy yo ke nou 18mache.

Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt.

Pèp ou a va giyonnen,

e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”

Source notes (18)
  1. Cross-reference És 1:18
  2. Cross-reference Jr 2:5; És 43:22,23
  3. Cross-reference Det 7:8; Egz 4:10-16
  4. Cross-reference Sòm 40:6-8
  5. Cross-reference Sòm 50:9
  6. Cross-reference Lev 18:21
  7. Cross-reference És 56:1
  8. Cross-reference Os 6:6
  9. Cross-reference Jr 5:26,27
  10. Cross-reference Lev 19:36
  11. Cross-reference Jr 9:2-6,8
  12. Cross-reference És 3:8
  13. Cross-reference Mi 1:9; És 1:7
  14. Cross-reference És 9:20
  15. Cross-reference És 30:6
  16. Cross-reference Det 28:38-40; Am 5:11
  17. Cross-reference I Wa 16:25,26
  18. Cross-reference Jr 7:24

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.