Bib Sen An
Michée 5
Alò, rasanble nou an twoup lame,
O fi a lame yo.
Li fin fè syèj kont nou.
Ak gwo baton, yo va 1frape jij Israël la sou machwè.
Men ou menm, Bethléhem Éphrata,
pi piti pami fanmi a Juda yo,
nan 2ou va soti de Mwen
Youn pou vin chèf an Israël.
Lè pou L vin parèt la te etabli depi
nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
Akoz sa, Li va 3abandone yo jiskaske
sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la.
Nan lè sa a, retay nan frè li yo
va retounen vin jwenn fis Israël yo.
Konsa Li va leve pou mennen 4
bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a,
nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.
Epi yo va viv, paske nan tan sa a,
Li va pwisan jis rive nan 5dènye pwent latè.
Li va lapè nou6 lè Asiryen yo vini nan peyi nou an,
e lè li va mache nan palè nou yo.
Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.
Yo va 7regle peyi Assyrie ak nepe,
ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo.
Konsa, li va 8delivre nou soti nan men Asiryen an
lè l fè envazyon peyi nou an,
ak lè li mache anndan fwontyè nou an.
Epi konsa, 9retay Jacob la va
nan mitan anpil nasyon pèp yo,
tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a,
tankou lapli k ap farinen sou zèb,
ki p ap tann lòm,
ni fè reta pou fis a lòm yo.
Retay Jacob la va pami nasyon yo,
pami anpil pèp;
Tankou yon lyon pami bèt forè,
tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton;
li menm, si l pase, mache, dechire an mòso
e 10p ap gen pèsòn ki pou delivre.
Ke men ou vin 11leve kont advèsè Ou yo
e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.
“Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a, 12
“ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou
e Mwen va detwi cha lagè nou yo.
“Anplis, Mwen va koupe retire 13vil
nan peyi nou yo, e mwen va jete tout
miray fòterès nou yo.
Mwen va koupe retire zafè tout 14wanga
soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò. 15
Mwen va retire imaj taye nou yo ak
pilye sakre ki pami nou yo,
pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.
Mwen va dechouke 16Asherim ki pami nou yo,
e mwen va detwi vil nou yo.
Epi Mwen va 17egzekite vanjans kòlè
ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”
Source notes (17)
- Cross-reference I Wa 22:24
- Cross-reference És 11:1; Jr 30:21
- Cross-reference Os 11:8
- Cross-reference És 40:11
- Cross-reference És 45:22
- Cross-reference És 9:6; És 8:7-8
- Cross-reference Na 2:11-13
- Cross-reference És 14:25
- Cross-reference Mi 2:12
- Cross-reference Jen 49:9; Sòm 50:22
- Cross-reference Sòm 10:12
- Cross-reference Za 9:10
- Cross-reference És 1:7
- Cross-reference Det 18:10-12
- Cross-reference És 2:18
- Cross-reference Egz 34:13
- Cross-reference És 1:24
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.