Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Michée 4

Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn

a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo.

Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo

va kouri kon dlo pou rive kote l.1

Anpil nasyon va vin di:

“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,

lakay Bondye Jacob la,

pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo

e pou nou ka mache sou pa Li yo.”

Paske depi nan Sion, lalwa va sòti

e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.2

Konsa, Li va 3jije antre anpil pèp e pran

desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.

Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen 4cha

pou laboure latè yo,

ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj.

Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e

p ap aprann fè lagè ankò.

Men yo va fè chak moun 5chita anba chan

rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo.

Pèsòn p ap fè yo pè:

paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.

Malgre tout pèp yo mache

nan non dye pa yo, pou nou menm, 6

nou va mache nan non SENYÈ Bondye

nou an jis pou tout tan e pou tout tan.

“Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a,

“Mwen va 7rasanble moun bwate yo,

e Mwen va reyini moun rejte yo,

ak sa ke M te aflije yo.

Mwen va fè moun bwate yo

vin yon 8retay, e moun rejte yo

vin yon nasyon pwisan;

Konsa, 9SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion

depi koulye a rive jis pou tout tan.”

A nou menm, 10 wo tou bann mouton an,

mòn fi Sion an,

sou ou menm, li va retounen.

Wi, menm 11ansyen pouvwa a,

wayòm de fi Jérusalem nan.

Alò, poukisa ou 12rele anmwey konsa?

Èske pa gen wa pami nou?

Èske 13konseye nou an fin peri?

Kite gwo doulè a sezi nou

kon yon fanm k ap pouse fè pitit?

Se pou ou vin an doulè,

doulè pou pouse fè pitit

fi a Sion an,

kon yon fanm ki ansent;

paske koulye a, ou va 14sòti nan vil la

pou rete nan chan,

e ou va ale menm nan Babylone. 15

La, ou va delivre.

La, SENYÈ a va rachte ou,

soti nan men ènmi ou yo.

Epi koulye a, gen 16anpil nasyon

ki rasanble kont ou k ap di:

“Kite li fin souye nèt,

e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”

Men yo pa 17konnen refleksyon a SENYÈ a,

ni yo pa konprann bi Li a;

paske Li te ranmase moun sa yo,

kon pakèt sereyal yo,

pou pote sou glasi vannen an.

Leve pou 18bat jèm nan, O fi Sion an!

Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè,

e zago ou kon yon zago an bwonz.

Ou va 19bat an mòso anpil pèp,

pou ou kapab konsakre a SENYÈ a

tout richès enjis pa yo,

ke nou ranmase ak tout byen pa yo,

bay SENYÈ tout latè a.

Source notes (19)
  1. Cross-reference És 2:2-4; Sòm 22:27
  2. Cross-reference És 2:3; Sòm 25:8,9,12
  3. Cross-reference És 2:4
  4. Cross-reference Jl 3:10
  5. Cross-reference I Wa 4:25; Lev 26:6
  6. Cross-reference Za 10:12
  7. Cross-reference Sòm 147:2
  8. Cross-reference Mi 5:7,8
  9. Cross-reference És 24:23
  10. Cross-reference Sòm 48:3,12
  11. Cross-reference És 1:26
  12. Cross-reference Jr 8:19
  13. Cross-reference És 3:1-3
  14. Cross-reference II Wa 20:18
  15. Cross-reference És 43:14
  16. Cross-reference És 5:25-30
  17. Cross-reference Sòm 147:19,20
  18. Cross-reference És 41:15
  19. Cross-reference Jr 51:20-23

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.