Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Michée 3

Konsa, mwen te di:

“Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila

k ap gouvène lakay Israël yo.

Èske nou pa dwe konnen lajistis?1

Nou menm ki rayi sa ki bon,

e ki renmen sa ki mal;

ki 2chire po yo sou kò yo,

ak chè yo soti sou zo yo;

k ap anplis3manje chè pèp Mwen an,

chire po yo sou yo, kraze zo yo

e 4koupe yo an mòso,

tankou se pou mete nan chodyè,

tankou vyann nan bonm nan.

Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a,

men Li p ap reponn yo.

Olye de sa, nan lè sa a, Li va 5kache figi li a yo menm,

akoz yo te pratike zak ki mechan.”

Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te 6mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.

Akoz sa, li fènwa 7 sou nou—san vizyon

e fènwa pou nou—san apèsi davni. 8

Solèy la va kouche sou pwofèt yo,

e lajounen va vin fènwa sou yo.

Vwayan yo va wont

e 9divinò yo va nan konfizyon.

Anverite, yo tout va 10kouvri bouch yo

akoz Bondye pa reponn.

Men kanta mwen menm, 11

mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,

ak jistis ak kouraj Li,

pou 12fè Jacob konnen zak rebelyon li an;

menm a Israël, peche pa l la.

Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo,

ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,

ki 13rayi jistis,

e ki vire tòde tout sa ki dwat,

Ki 14bati Sion ak san koule,

e Jérusalem ak vyolans e enjistis.

Chèf li yo fè 15jijman

pou jwenn sa ki glise anba tab,

e 16prèt li yo enstwi pou kòb,

pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.

Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.

Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?

Okenn malè p ap rive sou nou.”

Konsa, akoz nou menm, 17

Sion va vin raboure tankou yon chan,

e 18Jérusalem va vin yon pil mazi,

e mòn tanp lan va devni

tankou wo plas yo nan forè a.

Source notes (18)
  1. Cross-reference Sòm 82:1-5
  2. Cross-reference Sòm 53:4
  3. Cross-reference Sòm 14:4
  4. Cross-reference Éz 11:3
  5. Cross-reference Det 31:17; És 3:11
  6. Cross-reference És 3:12
  7. Cross-reference És 8:20-22
  8. Cross-reference És 59:10
  9. Cross-reference És 44:25
  10. Cross-reference Mi 7:16
  11. Cross-reference És 61:1-2
  12. Cross-reference És 58:1
  13. Cross-reference Sòm 58:1,2
  14. Cross-reference Jr 22:13,17
  15. Cross-reference És 1:23
  16. Cross-reference Jr 6:13
  17. Cross-reference Jr 26:18
  18. Cross-reference Sòm 79:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.