Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Michée 2

Malè a sila k ap 1fè plan inikite yo,

k ap manevre mechanste sou kabann yo!

Lè maten rive, yo pratike li,

paske sa nan pouvwa a men yo.

Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo,

kay yo, e konsa yo pran yo.

Yo oprime yon nonm ak kay li,

Yon nonm ak tout eritaj li.

Pou sa, pale SENYÈ a:

“Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a,

yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou;

ni nou p ap ka mache ak awogans,

paske sa se yon 2move tan.

Nan jou sa a, yo va 3fè leve kont nou yon pawòl;

mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris.

Yo va di: ‘Nou fin 4detwi nèt!

Li divize eritaj a pèp mwen an.

A la retire, Li retire l nan men mwen!

Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”

Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann 5lign mezi

pou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a.

“Pa pwofetize”!—yo pwofetize—

“Pa pwofetize de bagay de sila yo.

Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”

Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob?

“Èske Lespri SENYÈ a pa 6an kolè?

Èske bagay sa yo se zèv pa Li?

Èske pawòl Mwen yo pa fè byen

pou sila k ap mache dwat la?”

Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon 7ènmi.

Nou chire retire manto ak abiman

de sila k ap pase pa aza yo;

moun k ap retounen, soti nan lagè.

Fanm a pèp Mwen yo, nou 8chase yo deyò

pou soti kite bèl ti kay yo.

Nan men jèn pitit yo, nou rache retire

tout benediksyon Mwen, jis pou tout tan.

Leve ale!

Se pa isit ou ap jwenn repo;

li plen ak sa ki 9pa pwòp, sa kab detwi,

menm avèk yon destriksyon byen grav.

Si yon nonm ap mache nan yon

lespri manti pou l di: 10

“Mwen va pale avèk nou konsènan

diven ak bwason fò,”

li ta kapab menm vin pwofèt a 11pèp sa a.

Anverite, Mwen va 12rasanble nou tout, O Jacob!

Anverite, Mwen va ranmase 13retay Israël yo.

Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak;

tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo.

Y ap plenn ak moun.

Sila k ap ouvri kraze chemen an va ale devan yo.

Yo kraze pòtay la pou soti.

Se wa yo ki pase devan yo,

ak SENYÈ a a latèt yo.

Source notes (13)
  1. Cross-reference Sòm 36:4
  2. Cross-reference Det 28:48; Am 5:13
  3. Cross-reference Hab 2:6
  4. Cross-reference És 6:11
  5. Cross-reference Nonb 34:13,16-29
  6. Cross-reference És 50:2
  7. Cross-reference Jr 12:8
  8. Cross-reference Jr 10:20
  9. Cross-reference Sòm 106:38
  10. Cross-reference Jr 5:31
  11. Cross-reference És 30:10,11
  12. Cross-reference Mi 4:6,7
  13. Cross-reference Mi 5:7,8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.