Bib Sen An
Michée 1
Pawòl SENYÈ a ki te adrese a 1Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.
Tande, O pèp yo, nou tout! 2
Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann.
Kite SENYÈ Bondye a vin 3temwen kont nou;
SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
Paske gade byen, SENYÈ a ap vin 4sòti nan plas Li a.
Li va vin desann pou 5foule wo plas latè yo. 6
Mòn yo fann anba Li;
Vale yo fann tankou lasi devan dife,
tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
Tout sa se pou rebelyon a Jacob la
ak pou peche Israël la.
Se kisa ki 7 rebelyon a Jacob la?
Èske se pa 8Samarie?
Se kisa ki wo plas a Juda yo?
Èske se pa Jérusalem?
Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil 9mazi nan yon chan louvri,
tankou yon kote pou plante yon chan rezen.
Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a,
e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.
Tout 10zidòl li yo va vin kraze nèt,
tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a,
e tout zidòl li yo Mwen va detwi;
paske se pou salè a yon 11pwostitiye ke li te ranmase yo,
e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.
Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò.
Mwen oblije ale 12pye atè ak toutouni.
Mwen oblije fè lamantasyon tankou 13chen mawon,
plenyen tankou otrich!
Paske 14blesi li a p ap ka geri;
paske li fin rive nan Juda.
Li rive nan pòtay a pèp mwen an,
menm Jérusalem. 15
Pa pale sa nan Gath.
Pa kriye menm.
Nan Beth-Leaphra mwen te woule
kò mwen nan pousyè.
Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir;
nan 16lawont ak toutouni ou.
Moun 17Tsaanan p ap chape.
Plenyen Beth-Haëtsel la:
Li va retire sou ou tout soutyen li.
Paske moun Maroth vin fèb nan 18tann sa ki bon,
akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a,
rive nan pòtay Jérusalem nan.
Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun 19Lakis!
Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an—
akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.
Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath.
Lakay 20Aczib yo va vin yon 21desepsyon pou wa Israël yo.
Anplis, Mwen va mennen bay nou sila
k ap pran posesyon nou an,
O nou menm k ap viv nan 22Maréscha yo!
Glwa Israël la va antre menm nan 23Adullam.
Vin 24chòv nèt;
koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an.
Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg,
paske 25yo te ale an egzil kite ou!
Source notes (25)
- Cross-reference Jr 26:18
- Cross-reference Jr 6:19
- Cross-reference És 50:7
- Cross-reference És 26:21
- Cross-reference Am 4:13
- Cross-reference Sòm 97:5
- Cross-reference Jr 2:19
- Cross-reference És 7:9
- Cross-reference II Wa 19:25
- Cross-reference Det 9:21
- Cross-reference Det 23:18
- Cross-reference És 32:11
- Cross-reference És 13:21,22
- Cross-reference És 3:26
- Cross-reference II Sam 1:20
- Cross-reference Éz 23:29
- Cross-reference Jos 15:37
- Cross-reference És 59:9-11
- Cross-reference Jos 10:3
- Cross-reference Jos 15:44
- Cross-reference Jr 15:18
- Cross-reference Jos 15:44
- Cross-reference II Sam 23:13
- Cross-reference És 22:12
- Cross-reference II Wa 17:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.