Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Zacharie 9

Yon revelasyon.

Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la,

e l ap poze sou 1Damas,

paske zye a lòm ak tout tribi Israël

se vè SENYÈ a,

epi osi vè 2Hamath, ki nan lizyè li a; 3

Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.

Paske Tyr te bati pou kont li yon 4fò;

li te fè depo ajan tankou pousyè,

ak depo 5lò tankou labou nan lari.

Gade byen, SENYÈ a va 6rache

tout sa li posede,

e jete tout richès li yo nan lanmè.

Li va devore nèt ak dife a.

Askalon va wè l e vin pè.

Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè;

epi Ékron, pou sa li te atann va desi.

Anplis ke sa, wa a va peri Gaza

e Askalon va vin pa gen moun.

Yon ras mele va vin rete 7Asdod

e Mwen va rache ògèy a Filisten yo.

Mwen va retire san li,

soti nan bouch li,

ak abominasyon soti nan mitan dan l yo.

Konsa, yo va devni osi yon retay

pou Bondye nou an.

Yo va tankou yon chèf pou Juda, e

Ékron va tankou Jebizyen yo.

Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a,

pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen.

Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò.

Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.8

Rejwi anpil, O fi a Sion an!

Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!

Gade byen 9wa ou ap vini kote ou;

Li 10jis e Li gen Sali;

Li enb e Li monte sou yon bourik,

menm yon jenn pòtre,

pitit a yon bourik.

Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan,

ansanm ak cheval Jérusalem nan.

Banza lagè a va koupe retire;

Li va pale 11lapè a nasyon yo.

Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè,

e nan Rivyè Euphrate la jis pou l

rive nan dènye pwent tè a.

Menmjan an pou ou menm tou,

akoz 12san akò Mwen an ki avèk ou,

Mwen te mete prizonye ou yo an libète

soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.

Retounen nan 13sitadèl la,

O prizonye ki gen lespwa a!

Nan jou sa a menm, Mwen deklare

ke Mwen va 14remèt ou doub de sa.

Paske Mwen te 15koube Juda

konsi se te banza Mwen.

Mwen te plen banza a avèk Éphraïm.

Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion,

kont fis ou yo, O Grèce,

e Mwen va fè ou vin tankou 16nepe

a yon gèrye pwisan.

Epi SENYÈ a va vin parèt 17sou yo,

e flèch Li va pati tankou kout loray.

Senyè BONDYE a va sone twonpèt la,

e Li va mache nan van tanpèt sid yo. 18

SENYÈ dèzame yo va defann yo.

Yo va 19devore, e yo va foule anba pye

ak tout wòch fistibal yo.

Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè.

Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis,

tankou kwen lotèl yo.

Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va 20sove yo

nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a;

paske yo tankou wòch presye,

bijou yon kouwòn k ap klere toupatou

anwo tout peyi Li a.

Paske a la gran, bonte Li va gran,

e a la gran, bèlte Li va gran!

Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere

ak diven nèf pou vyèj yo.21

Source notes (21)
  1. Cross-reference És 17:1
  2. Cross-reference Jr 49:23
  3. Cross-reference Éz 28:2-5,12
  4. Cross-reference Jos 19:29
  5. Cross-reference I Wa 10:21,27
  6. Cross-reference Éz 26:3-5; És 28:18
  7. Cross-reference Am 1:8
  8. Cross-reference És 54:14
  9. Cross-reference Sòm 110:1
  10. Cross-reference So 3:5
  11. Cross-reference És 57:19; Sòm 72:8
  12. Cross-reference Egz 24:8
  13. Cross-reference Jr 16:19
  14. Cross-reference És 61:7
  15. Cross-reference Jr 51:20
  16. Cross-reference Sòm 45:3
  17. Cross-reference És 31:5; Sòm 18:14
  18. Cross-reference És 37:35
  19. Cross-reference Za 12:6
  20. Cross-reference Jr 31:10,11
  21. Cross-reference Jr 31:12,14; Sòm 27:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.