Bib Sen An
Zacharie 10
Mande pou 1lapli ki sòti
nan SENYÈ a nan epòk prentan.
Se SENYÈ a ki 2fè nwaj tanpèt yo;
epi se Li ki bay lapli lejè a tout
pou jaden plant yo.
Paske 3zidòl lakay yo pale inikite; 4
divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,
ke yo repete kon fo rèv.
Yo bay rekonfò an ven.
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;
yo aflije akoz yo pa gen bèje.
Kòlè 5Mwen limen kont bèje yo.
Mwen va pini mal kabrit yo,
paske SENYÈ dèzame yo te 6vizite
bann mouton li an lakay Juda,
e Li va fè yo vin tankou cheval
majeste Li nan batay la.
De li menm, va vin parèt 7wòch ang lan,
de li menm, pikèt tant lan,
de li menm, banza batay la,
de li menm, tout wa yo ansanm.
Yo va tankou mesye pwisan yo,
k ap 8foule lènmi yo anba pye yo,
nan labou lari a nan batay la.
Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo;
epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va
sove lakay Joseph la, e
mwen va 9fè yo retounen;
paske Mwen gen 10konpasyon pou yo.
Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,
paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,
e mwen va reponn yo.
Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan
e kè yo va kontan konsi se ak diven.
Anverite, pitit yo va wè sa,
e yo va kontan,
kè yo va rejwi nan SENYÈ a.11
Mwen va soufle pou yo
pou yo kab vin rasanble yo,
paske Mwen te rachte yo.
jan yo te ye oparavan an.
Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo,
yo va 14sonje Mwen nan peyi lwen yo.
Yo va viv ak pitit yo,
e yo va retounen.
Mwen va mennen yo retounen
soti nan peyi Égypte la,
e rasanble yo soti Assyrie.
Mwen va mennen yo antre nan peyi 15
Galaad ak Liban jiskaske 16pa gen espas pou yo.
Li va pase nan 17lanmè afliksyon an,
e Li va frape lanm lanmè yo,
jiskaske tout pwofondè 18 Rivyè Nil lan vin sèch.
Epi ògèy Assyrie va vin bese e
baton Égypte la va sòti.
Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a.
Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.19
Source notes (19)
- Cross-reference Jl 2:23
- Cross-reference Jr 10:13
- Cross-reference Éz 21:21
- Cross-reference Jr 27:9
- Cross-reference Jr 25:34-36
- Cross-reference Éz 34:12
- Cross-reference Luc 20:17
- Cross-reference II Sam 22:43
- Cross-reference Za 8:8
- Cross-reference És 54:8
- Cross-reference És 54:13
- Cross-reference Jr 33:22
- Cross-reference Éz 36:11
- Cross-reference I Wa 8:47,48
- Cross-reference Jr 50:19
- Cross-reference És 49:19,20
- Cross-reference És 51:9,10
- Cross-reference És 19:5-7
- Cross-reference Mi 4:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.