Bib Sen An
Zacharie 8
Pawòl SENYÈ Dèzame yo te vini kote mwen. Li te di: Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen 1jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.”
Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va 2demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: 3“Va gen ni granmoun gason, ni granmoun fanm nan ri a Jérusalem yo. Chak gason ak baton nan men l akoz anpil laj li. Epi ri vil yo va vin ranpli ak 4jenn gason, e jenn fi k ap jwe nan ri yo tou.”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Si sa parèt etonan nan zye a retay pèp sila a, nan jou sa yo, èske sa va parèt 5etonan tou nan zye pa m?” deklare SENYÈ Dèzame yo.
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi 6lès la, e soti nan peyi lwès la. Mwen va 7mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va 8pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a 9pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati. Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, 10 akoz lènmi li yo. Paske Mwen 11te mete tout moun kont pwochen yo. Men koulye a, Mwen 12p ap aji ak retay pèp sa a tankou nan tan ansyen yo,” deklare SENYÈ Dèzame yo. “Paske va gen semans 13lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye 14tout bagay sa yo. Li va vin rive ke menm jan nou te yon 15madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon 16benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”
Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te 17gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa 18t ap repanti, konsa ankò, Mwen te pran desizyon nan jou sila yo pou 19fè byen pou Jérusalem ak lakay Juda. Pa pè! Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale 20verite a youn lòt, 21egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.22
Epi pawòl SENYÈ Dèzame yo te vin kote mwen. Li te di: Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan 23senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk 24lanmou, laverite ak lapè.”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Li va toujou rive ke 25pèp nasyon yo va vini, pèp a anpil vil. Pèp k ap viv nan yon nasyon va ale nan yon lòt e va di: ‘Annou ale vit 26chache favè SENYÈ a, e chache SENYÈ Dèzame yo. Mwen menm tou, mwen prale.’ Konsa 27anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou 28mande favè SENYÈ a.” Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va 29kenbe vètman a sila ki Jwif la, e va di: ‘N a prale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’
Source notes (29)
- Cross-reference Za 1:14
- Cross-reference Za 2:10,11
- Cross-reference És 65:20
- Cross-reference Jr 30:19,20
- Cross-reference Jr 32:17,27
- Cross-reference Sòm 107:3
- Cross-reference So 3:20
- Cross-reference Éz 11:20
- Cross-reference Esd 5:1
- Cross-reference II Kwo 15:5
- Cross-reference És 19:2
- Cross-reference Sòm 103:9
- Cross-reference Lev 26:3-6
- Cross-reference És 61:7
- Cross-reference Jr 29:18
- Cross-reference Sòm 72:17
- Cross-reference Jr 31:28
- Cross-reference Jr 4:28
- Cross-reference Jr 29:11
- Cross-reference Sòm 15:2
- Cross-reference És 9:7
- Cross-reference Pwov 3:29; Za 5:4
- Cross-reference Za 7:3,5
- Cross-reference Luc 1:74,75
- Cross-reference Sòm 117:1
- Cross-reference Za 7:2
- Cross-reference És 2:2,3
- Cross-reference Za 8:21
- Cross-reference És 45:14-24
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.