Bib Sen An
Zacharie 7
Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.1 Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou 2chache favè SENYÈ a, pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”3
Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan 4swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou 5Mwen ke nou te fè jèn nan? Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou? Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap 6pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’”
Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: 7‘Ekzekite vre jijman, e pratike 8ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 9Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni 10 pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’ Men yo te 11refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Yo te fè 12kè yo di tankou 13silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo. Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa 14yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo. Men Mwen va 15gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou 16pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”
Source notes (16)
- Cross-reference Né 1:1
- Cross-reference I Wa 13:6
- Cross-reference Esd 3:10-12; Za 8:19
- Cross-reference Za 1:12
- Cross-reference És 1:11,12
- Cross-reference Jr 22:21; Jr 13:19
- Cross-reference Éz 18:8
- Cross-reference II Sam 9:7
- Cross-reference Egz 22:22
- Cross-reference Sòm 21:11
- Cross-reference Jr 5:3
- Cross-reference II Kwo 36:13
- Cross-reference Jr 17:1
- Cross-reference Pwov 1:24-28
- Cross-reference Det 4:27
- Cross-reference És 60:15
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.