Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Zacharie 6

Alò, mwen te leve zye m ankò pou m te gade, e vwala 1te gen kat cha ki t ap soti parèt antre de mòn. Mòn yo te mòn ki fèt an bwonz. Nan premye cha a, te gen 2cheval wouj. Nan dezyèm cha a, te gen cheval nwa. Nan twazyèm cha a te gen 3cheval blan. Nan katriyèm cha a, te gen cheval takte yo, tout nan yo byen dyanm. Konsa mwen te pale. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: 4“Kisa sa yo ye, mèt mwen?”

Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se 5kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a. Cha kote cheval nwa yo ye a ap prale nan 6peyi nò a, epi blan yo te soti dèyè yo. Epi takte yo ap prale nan 7peyi sid la.” Konsa, cheval ki dyanm yo te ale. Yo te sòti pou yo ta ka 8mache ale retou sou tè a. Konsa, yo te mache ale retou sou tè a.

Answit, li te rele m. Li te pale pou di m: “Gade byen, yo se sila k ap prale vè peyi nò a, e yo te 9apeze chalè kòlè Mwen nan peyi nò a.”

Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 10 11“Pran yon ofrann soti nan egzile yo, soti nan Heldaï, Tobija, ak Jedaeja. Ale nan menm jou a e antre lakay Josias, fis a Sophonie an, kote yo soti Babylone nan. Pran ajan ak lò, fè yon 12kouwòn byen bèl, e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la. Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele 13Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a. Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va 14pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon 15prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de (2).’” Alò 16kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an. 17

Sila ki lwen yo va vin bati nan tanp SENYÈ a.” Konsa ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen vè nou. Sa va vin rive si nou obeyi nèt SENYÈ a, Bondye nou an.

Source notes (17)
  1. Cross-reference Dan 7:3
  2. Cross-reference Za 1:8
  3. Cross-reference Rev 6:2
  4. Cross-reference Za 1:9
  5. Cross-reference Jr 49:36
  6. Cross-reference Jr 1:14,15
  7. Cross-reference És 43:6
  8. Cross-reference Za 1:10
  9. Cross-reference Éz 5:13
  10. Cross-reference Za 1:1
  11. Cross-reference Esd 7:14-16
  12. Cross-reference II Sam 12:30
  13. Cross-reference És 4:2
  14. Cross-reference És 9:6
  15. Cross-reference Sòm 110:1,4
  16. Cross-reference Za 6:11
  17. Cross-reference És 56:6-8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.