Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Zacharie 5

Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè. 1 Konsa, li te di mwen: 2“Kisa ou wè la a?”

Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”

Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki 3vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki 4fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li. Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va 5antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va 6detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”

Epi 7zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò. Li te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.”

Mwen te di: “Kisa li ye?”

Li te di: “Sa se panyen efa a k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a.8 Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”.9 Zanj la te di: “Sa se 10Mechanste!” Epi li te jete fanm nan rive nan mitan panyen efa a, e li te voye mas plon an sou bouch panyen an.

Mwen te leve zye m, mwen te gade, e mwen te wè te gen de fanm ak van nan zèl yo. Zèl yo te tankou zèl a 11sigòy. Konsa, yo te leve panyen efa a antre tè a ak syèl la. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?”

Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi a va pozisyone la sou pwòp baz pa l.”

Source notes (11)
  1. Cross-reference Jr 36:2
  2. Cross-reference Za 4:2
  3. Cross-reference Egz 20:15
  4. Cross-reference Lev 19:12
  5. Cross-reference Os 4:2,3
  6. Cross-reference Lev 14:34,35
  7. Cross-reference Za 1:9
  8. Cross-reference Lev 19:36
  9. Cross-reference Os 12:7
  10. Cross-reference Os 12:7
  11. Cross-reference Lev 11:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.