Bib Sen An
Zacharie 4
Konsa, 1zanj ki t ap pale avè m nan te retounen. E te Li fè m 2leve tankou yon nonm yo te leve soti nan dòmi. Li te di m: “Kisa ou wè?”
Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bòbèch pou chak lanp ki sou li yo.3 Anplis, gen 4de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la, e lòt la sou kote goch la.”
Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan. Mwen te di: “Kisa sa yo ye 5mèt mwen?”
Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn. Li te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?”
Mwen te reponn: “Non, mèt mwen.”6
Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: 7‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa 8Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo. ‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”
Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou. Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se 9zye SENYÈ a k ap 10veye toupatou sou tout tè a.”
Mwen te di li: “Se kisa 11de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”
Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”
Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.” Li te di: “Sa yo se de moun 12onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”
Source notes (12)
- Cross-reference Za 1:9
- Cross-reference I Wa 19:5-7
- Cross-reference Egz 25:31,37; Rev 4:5
- Cross-reference Za 4:11
- Cross-reference Za 1:9
- Cross-reference Za 1:9
- Cross-reference És 11:2-4
- Cross-reference II Kwo 32:7-8
- Cross-reference II Kwo 16:9
- Cross-reference Za 1:10
- Cross-reference Za 4:3
- Cross-reference Egz 29:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.