Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Zacharie 14

Gade byen, yon 1jou pou SENYÈ a ap vini, jou lè piyaj ke yo rache de nou menm yo, va divize andedan nou. Paske Mwen va 2rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la. Konsa, SENYÈ a va parèt pou 3goumen kont nasyon sila yo, jan Li goumen nan yon jou batay la. Nan jou sa a, pye Li va 4poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va 5fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid. Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan 6tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li!

Nan jou sa a 7 p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè. Li va yon jou inik ki 8konnen pa SENYÈ a; li p ap ni lajounen ni lannwit, men li va vin rive ke nan 9aswè, va gen limyè.

Li va rive nan jou sa a, 10 kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.

Epi SENYÈ a va 11wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.

Tout peyi a va devni yon savann, depi 12Guéba jis rive 13Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a. Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va 14rete ansekirite.

Men sa va fleyo avèk sila SENYÈ a va frape tout pèp ki te fè lagè kont Jérusalem yo: chè yo va 15pouri pandan yo kanpe sou pye yo, zye yo va pouri nan tèt yo, e lang yo va pouri nan pwòp bouch yo. Li va vin rive nan jou sa a ke yon gwo panik ki sòti nan SENYÈ a va tonbe sou yo. Konsa, chak va 16kenbe men vwazen l, e men a youn va vin leve kont men a lòt la. 17 Anplis, Juda va goumen nan Jérusalem. Richès a tout nasyon ki ozanviwon yo va vin rasanble ansanm; lò, ajan ak vètman an gran kantite.

Jan 18fleyo sa a ye a, se konsa tou fleyo a va ye sou cheval, milèt, chamo, bourik ak tout bèf ki va nan kan sa yo.

Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va 19ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre 20Fèt Tonèl yo. Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, 21Lapli p ap tonbe sou yo. Si fanmi peyi Egypte la pa monte oswa pa vini; alò, lapli p ap tonbe sou yo. Va gen fleyo ke SENYÈ a te frape nasyon ki pa t monte pou selebre Fèt Tonèl Yo.22 Sa va pinisyon Egypte la ak pinisyon a tout nasyon ki pa monte pou selebre Fèt Tonèl yo.

Nan jou sa a, va gen anons sa sou klòch cheval yo: 23“SEN A SENYÈ A”. Epi chodyè ki kwit manje lakay SENYÈ yo, va tankou bòl devan lotèl yo. Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon 24Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.

Source notes (24)
  1. Cross-reference És 13:6,9; Za 14:14
  2. Cross-reference Za 12:2,3
  3. Cross-reference Za 9:14,15
  4. Cross-reference Éz 11:23
  5. Cross-reference És 64:1,2
  6. Cross-reference És 29:6
  7. Cross-reference És 13:10
  8. Cross-reference És 45:21
  9. Cross-reference És 58:10
  10. Cross-reference Éz 47:1-12
  11. Cross-reference És 2:2-4
  12. Cross-reference I Wa 15:22
  13. Cross-reference Jos 15:32
  14. Cross-reference Jr 23:5,6
  15. Cross-reference Lev 26:16
  16. Cross-reference Za 11:6
  17. Cross-reference Za 12:2,5
  18. Cross-reference Za 14:12
  19. Cross-reference És 60:6-9
  20. Cross-reference Lev 23:34-44
  21. Cross-reference Jr 14:3-6
  22. Cross-reference Za 14:12,15
  23. Cross-reference Egz 28:36-38
  24. Cross-reference So 1:11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.