Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Zacharie 13

“Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki 1 va ouvri pou lakay David, e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou 2peche ak salte.

“Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire 3pwofèt yo ak 4lespri pa pwòp la soti nan peyi a. Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou 5p ap viv, paske ou 6pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize. Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va 7vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun; men yon pwofèt va di: ‘Mwen 8pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè tè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.’ Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki 9nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zanmi mwen yo.’

“Leve, O nepe, kont 10bèje Mwen an,

e kont nonm nan ki byen pre M,”

deklare SENYÈ dèzame yo.

Frape bèje a pou mouton yo ka gaye;

epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.

“Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a,

“Ke 11de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri;

men twazyèm pati a va rete ladan l.

“Konsa, Mwen va mennen fè pase

twazyèm pati a nan dife.

Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan,

e pase yo a leprèv tankou lò.

Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo.

Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’,

e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”12

Source notes (12)
  1. Cross-reference Jr 2:13
  2. Cross-reference Sòm 51:2,7
  3. Cross-reference Jr 23:14,15
  4. Cross-reference I Wa 22:22
  5. Cross-reference Det 18:20
  6. Cross-reference Jr 23:35
  7. Cross-reference Jr 6:15
  8. Cross-reference Am 7:14
  9. Cross-reference II Wa 9:24
  10. Cross-reference És 40:11
  11. Cross-reference És 6:13
  12. Cross-reference És 48:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.