Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Zacharie 12

Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki 1kreye lespri a lòm nan anndan l. “Gade byen, Mwen ap fè Jérusalem vin yon tas ki va fè tout pèp ki antoure l yo, vin toudi. Epi nan lè syèj la kont Jérusalem nan, li va vin osi, kont 2Juda. Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon 3wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout moun ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li. Nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va frape tout cheval yo pou l dezoryante, e chevalye yo avèk foli. Men Mwen va ouvri zye Mwen sou lakay Juda, pandan Mwen ap frape tout cheval a pèp nasyon yo, pou yo vin avèg. Konsa, tout chèf a Juda yo, va di nan kè yo: ‘Moun ki rete Jérusalem yo se fòs mwen nan SENYÈ dèzame yo, Bondye pa yo a.’

Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo, ni sou men goch yo, pandan 4sila ki rete Jérusalem yo, va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem.

SENYÈ a va osi 5sove anpremye tant a Juda yo, pou glwa kay David la, e glwa a sila ki viv rete Jérusalem, p ap depase Juda. Nan jou sa a, SENYÈ a va 6defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou 7zanj SENYÈ a devan yo. Epi nan jou sa a, Mwen va 8kòmanse detwi tout nasyon ki vini kont Jérusalem yo.

Epi Mwen va 9vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te 10pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li. Nan jou sa a, va gen 11gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an. Peyi a va kriye, chak fanmi apa; fanmi lakay David la, apa, e madanm yo, apa; fanmi lakay Nathan an, apa, e madanm yo apa; fanmi lakay Levi, apa, e madanm yo, apa; fanmi a Schimeï yo, apa, e madanm yo, apa; tout fanmi ki rete yo, chak fanmi apa; e madanm yo, apa.

Source notes (11)
  1. Cross-reference És 57:16
  2. Cross-reference Za 14:14
  3. Cross-reference Dan 2:34,35,44,45
  4. Cross-reference Za 2:4
  5. Cross-reference Jr 30:18
  6. Cross-reference Jl 3:16
  7. Cross-reference Egz 14:19
  8. Cross-reference Za 14:2,3
  9. Cross-reference És 44:3
  10. Cross-reference Jn 19:37
  11. Cross-reference Mat 24:30

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.