Bib Sen An
Malachie 1
Revelasyon pawòl SENYÈ a bay Israël pa Malachie.
“Mwen te 2renmen nou,” pale SENYÈ a.
Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?”
“Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen; men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te 3fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.” Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, 4men nou va 5retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”
Zye nou va wè sa e nou va di: “SENYÈ a gran, menm pi lwen lizyè Israël la!”6
“Yon fis 7onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon 8papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’ N ap ofri 9pen ki souye sou lotèl Mwen an. Men nou di: ‘Nan kisa nou te souye Ou a?’ Nan sa, n ap di: ‘Tab SENYÈ a meprizab.’ Lè nou ofri 10 bèt avèg kon sakrifis la, èske sa pa yon mal? Epi lè nou ofri bèt ki bwate, e ki malad la, èske sa pa yon mal? Poukisa nou pa ofri sa yo bay gwo chèf peyi a? Èske l ap kontan avèk nou? Oswa, èske se ak dousè ak kè kontan ke l ap aksepte nou?” pale SENYÈ Dèzame yo.
Men koulye a, chèche mande favè Bondye, pou Li kapab beni nou? Ak yon ofrann konsa, èske L ap aksepte okenn nan nou ak dousè? mande SENYÈ Dèzame yo.11
O ke te genyen youn nan nou pou ta 12fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli. Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, 13non Mwen va 14gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou ap 15pwofane li lè nou di: ‘Tab SENYÈ a vin souye, fwi li, menm manje li vin meprizab.’ Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Konsa, nou te pote sa ke yo te pran nan 16vyolans, sa ki te 17bwate ak sa ki te malad. Konsa menm, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a.
“Men malè pou sila k ap 18twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon 19bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonan pami nasyon yo.”
Source notes (19)
- Cross-reference És 13:1
- Cross-reference Det 4:37
- Cross-reference Jr 49:10,16-18
- Cross-reference Jr 5:17
- Cross-reference És 9:9,10
- Cross-reference Sòm 35:27
- Cross-reference Egz 20:12
- Cross-reference Det 1:31
- Cross-reference Lev 3:11
- Cross-reference Jr 27:18
- Cross-reference Jr 27:18
- Cross-reference És 1:13
- Cross-reference Sòm 111:9
- Cross-reference És 66:18,19
- Cross-reference Mal 1:7
- Cross-reference Lev 6:4
- Cross-reference Mal 1:8
- Cross-reference Trav 5:1-4
- Cross-reference Lev 22:18-20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.